Minis defans alman an, Christine Lambrecht demisyone lendi 16 janvye 2023 a apre anpil kritik li resevwa pa rapò ak kèk fo pa li fè nan dosye lagè Ukraine-Russie a.
Dènye kou ki pral touye koukou a, se yon videyo amatè minis Christine ta pral pibliye sou Twitter nan okazyon selebrasyon nouvo ane a, 2 janvye 2023, kote li parèt ak tèt li degaye akòz van, epi l ap pale de lagè Ukraine-Russie.
« Yon gè eklate nan mitan ewop la, e mwen aprann anpil de sa. Mwen rankontre anpil anpil bon moun sou dosye sa, e mwen remèsye yo », se transkripsyon pawòl fanm 57 lane a, nan yon okazyon ki pa t apwopriye ak yon sijè konsa ditou.
Youn nan lòt erè Christine Lambrecht te fè, se lè sòlda Volodymyr Zelensky yo te mande peyi vwazen yo pou fè yo jwenn gwo zam fann-fwa pou yo goumen kont Russie, epi minis defans Allemagne la te reyaji ; li voye 5000 kas bay mesye yo, alòske li se minis defans yon peyi ki fè pati Òganizasyon Trete Nò-Atlantik la (OTAN).
Yo repwoche minis la tou paske li pa gen yon bon konesans sou dosye ak estrikti militè alman yo, sa ki vin ralanti refòm gouvènman an te vle fè nan lame a, malgre 100 milya ewo ki debloke pou refòm sa. Yo repwoche minis la tou paske li toujou pentad pentad kanta lè pou l pran pozisyon pou defann peyi Ukraine. Se tout rezon sa yo ki abouti nan demisyon minis la.
You may also like
-
Turquie : une femme nommée à la tête de la banque centrale, une première
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami