google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screenshot 20220927 104433 Instagram
© %author%

Anbasad Ayiti nan peyi Chili lanse yon kou lang espanyòl pou plizyè fanmi ayisyen nan peyi a

Anbasad Ayiti nan peyi Chili ak Biwo Western Union nan peyi a te rankontre ak laprès, jou jedi 15 septanm 2022 a, nan kad lansman ofisyèl yon kou lang espanyòl pou san fanmi ayisyen nan peyi Chili « . Se sa Wedlyne François Pierre, anbasadè Ayiti nan peyi Chili, ekri sou paj enstagram li wikenn ki sot pase a.

« Anbasadè a kontinye pou l fè konnen, pwojè sila gen pou responsabilite kore entegrasyon, nan jou k ap vini la yo, fanmi ayisyen yo ki nan sosyete chilyen an » se sa li bay kòm enfòmasyon nan mesaj li a.

N ap raple, sa gen pou pi piti senk lane, yon latriye ayisyen rive kite Ayiti pou ale enstale yo nan peyi Chili akoz sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik peyi a ki vrèman malouk.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *