Ayè mèkredi 31 dawout la, Blondedy F. Danger piblye on videyo kote li ekri non D-Perfect sou po l yon lane aprè chantè ekip la, li menm te ekri non pa « Queen Blondelight » la nan bra l.
Kèk jou depi Blondedy te anonse li marye ak D-Perfect. Kounia li montre tout moun nan on videyo li lage sou paj kote li ekri non mari l sou janm dwat li.

« 1 an de sa ou te ekri non mwen sou kò w pou mwen se te on mouvman moun fou, li te cute men mwen pat konprann poukisa w te fè yon bagay konsa enben jodia map diw ke m fou pou ou tou », se sa nou li nan komantè Blondedy F. Danger fè anba videyo li poste a.
Tatoo sa se youn nan kado Blondedy bay maril pou anivèsè li li pral fete demen 2 septanm la. Se te ak kè kontan chantè ekip la te wè non l ekri sou pò madanm li pandan li vin chèche l nan ayopò.
You may also like
-
La SHOG organise deux journées de sensibilisation et de dépistage du cancer du col de l’utérus
-
Blondedy va mettre sa carrière musicale en pause à cause de son physique
-
Le MIEFH veut mettre les femmes handicapées à l’honneur
-
Nègès Mawon lance un appel à contribution pour la 4e sortie d’Alaso
-
Le RENAGSANG lance le mois du don de sang en faveur des mamans