google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
portrait 78
© %author%

Eleksyon : sektè fanm nan ap gen reprezantan nan konsèy elektoral la

Sektè fanm nan chwazi Kettly Julien kòm reprezantan li nan Konsèy Elektoral Pwovizwa Ariel Henry vle mete sou pye a. Se nan yon lèt ki sèvi repons a demand premye minis la sektè fanm nan prezante chwa yo a, jodi 19 avril 2023 sa. Pou chwa sa rive fèt, Federasyon Òganizasyon Fanm yo pou Egalite Dwa Moun se antite ki te fè pon pou ini sektè sila nan chwa a.

Nan lèt ki ale jwenn premye minis la, Federasyon an salye inisyativ lakotè primati a ki vle remete peyi a sou ray demokrasi patisipatif nan tan difisil sa yo. Fanm yo pwofite note se plis pase 980 estrikti fanm ki chita nan tout 10 depatman peyi a ki kore lide pou Kettly Julien reprezante fanm yo nan konsèy elektoral Ariel Henry vle mete sou pye a. Anplis, federasyon an raple majorite estrikti li site yo te siyen akò 21 desanm 2022 a.

Yon aktivis feminis ki fè prèv li deja kòm lidè angaje, k ap travay nan sektè fanm nan depi plis pase 18 lane. Se konsa federasyon òganizasyon fanm yo prezante Kettly Julien, epi yo ajoute « nou rekonèt onètete li, jan li renmen travay, jan li pa nan pati pri, jan li lwayal devan kòz fanm yo, yon kòz l ap defanm ak anpil fòs… »

Òganizasyon fanm yo swete vivman pou chwa sektè fanm nan respekte, paske yo rete kwè prezans reprezantan yo a, Kettly Julien, ap pote yon gwo dinamik nan Konsèy Elektoral Pwovizwa ki pral fèt la. Apre sa, yo fè premye minis la konnen Kettly Julien pral depoze dosye li tou konplè nan primati a pou fè swit ki nesesè yo.

Novia Augustin se premye siyatè lèt sila, li se responsab Federasyon Òganizasyon Fanm yo pou Egalite Dwa Moun, e li gen 320 òganizasyon nan kowalisyon li a. Dèyè li, nou jwenn Wilnie Saintil, ki nan Platfòm Fanm Solèy Klere, ak 74 òganizasyon nan kowalisyon li. Angie bernard gen 77 òganizasyon fanm nan MOPENO epi Rose Joseph Hodgson ak 29 òganizasyon nan P.OFLUV. An total, se 25 fanm ki siyen pou reprezante 980 òganizasyon fanm yo nan chwa Kettly Julien an.

Toujou nan lide pou kore reprezantan yo a epi patisipe nan ede pwosesis la mache, yon delegasyon Federasyon Òganizasyon Fanm yo pou Egalite Dwa Moun te ale vizite Mirlande H. Manigat, premye responsab nan Wo Konsèy Tranzisyon an, mèkredi 12 avril pase a, epi jodi mèkredi 19 la, yo te pase wè Maria Isabel Salvador, nouvo responsab BINUH a an Haïti, kote yo te pale de plizyè pwen, pami yo, kondisyon fanm an Haïti, pwoblèm ensekirite a.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *