google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Pb549YjenW
© %author%

Fondasyon Odette Roy Fombrun lanse yon apèl patriyotik nan moman kriz sa

Patriyòt san lane a, Odette Roy Fombrun, ak fondasyon li a, lanse yon apèl patriyotik jounen 7 oktòb 2022 a, nan moman kriz sa peyi a ap travèse. Apèl sa se pou tout ayisyen, pou klas politik la ak gouvènman repiblik la. Esans apèl la se pou mande yon depasman de pwòp volonte yo, pou yon aksyon k ap bon pou nou tout.

Pi gwo anje a, selon fondasyon an, se koze gaz la ki pa disponib nan ponp yo, sa ki lakoz aktivite ekonomik ak sosyal yo paralize nan tout kwen peyi a. Pou fondasyon an, kriz sa aji tankou yon kout koto anba kè edikasyon nan peyi a.

Si sa rete konsa, se kòmsi nou ta « kondane jenès la ak pwofesè yo nan mizè, nan inyorans, ak nan britalite », selon defansè ledikasyon yo. Fondasyon an di si bagay yo pa chanje, se nou tout k ap pèdi. Se pa konsa pi gran yo te leve nou, kote tout bon mès yo te kite pou nou yo ? linyon, pataj, tolerans, respè youn pou lòt ? se kèk pami kesyon ki entèpele fondasyon Odette Roy Fombrun pou Ledikasyon. Listwa nou, grandè nou, fyète nou, se tout faktè sa yo k ap degrade e ki fè manm fondasyon an poze tèt yo anpil kesyon sou avni peyi a.

Sa ki t ap bon, selon fondasyon an, se ta yon plan global pou wete nou nan twou nou ye a. Men si sa difisil pou nou, manm yo konseye nou « fè tankou yon bebe ki fenk ap aprann mache, konsantre nou pou nou rezoud yon pwoblèm toujou : pwoblèm gaz la ki kokobe tout aktivite nan peyi a ». Pandan n ap fè sa, n ap konbat kriz alimantè ak kriz sanitè k ap ban nou kout lang avan li souse mwèl nou. Selon fondasyon an, nou bezwen, pou pititi, yon ti gout sekirite koule nan sous nou, pou enseyan ak aprenan kapab reprann chemen lekòl klasik ak lòt lekòl yo.

« Li lè pou nou depoze zam yo, e pou nou aji nan favè lajenès an Ayiti, pou yon demen miyò »
« Demen » sa, selon fondasyon an, prèske mouri nan vant. Se edikasyon k ap leve nasyon an. Edikasyon pa negosyab, se sa nou te rive li nan dènye pati apèl patriyotik sa.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *