Premye minis fransè a, Élisabeth Borne, gen pou li anonse 26 avril 2023 sa yon pòtfèy k ap gen yon tèks ki ap voye je sou « lòd piblik nan espas nimerik yo ».
Daprè plizyè sous gouvènmantal ak palmantè, Elisabeth Borne ap devwale mèkredi 25 avril yon plan « san (100) jou » Emmanuel Macron tabli. Plan sa a ta dwe genyen yon pwojè lwa nimerik : tèks lwa sa a ta anba egzamen nan men konsèy Deta a, e ta ka pare pou al prezante devan konsèy minis yo nan semèn k ap vini an. Selon menm sous yo, lwa sila marande plizyè mezi yon fason pou li rive asire « lòd piblik nan espas nimerik yo ».
An patikilye, tèks la ap gen ladan li yon pati ki kadre sou yon « filtè anti-anak », pou anpeche moun anake lòt moun nan mond nimerik la. N ap raple, koze anti-anak sa se yon pwomès kanpay Emmanuel Macron te fè nan dènye eleksyon yo. Dispozitif anti-anak la ap pèmèt tout itilizatè konnen ki sit entènèt k ap anake moun epi l ap pran mezi tou, kont moun k ap fè sibè-asèlman sou rezo sosyal yo. Moun k ap di pawòl piman bouk ak pawòl rayiman yo ap sèlman wè piblikasyon yo efase. Nan menm optik sa, mache nimerik tankou Twitter, TikTok, Instagram, Facebook, Google, Amazon… ap oblije konfòme yo.
Tèks la panche tou sou « ranfòsman » blokaj tout sit entènèt pònografik ki ta kite timoun ki pako majè ale gade pòno. N ap note, règ sa ki te la deja, se anba anpil mizè jandamri k ap jere kesyon odyo-vizyèl la ap eseye aplike li.
Chèf gouvènman an, Elisabeth Borne, dwe prezante plan an 26 avril la. L ap pwofite ekspoze pwogram gouvènman an epi bay yon pwennprès apre konsèy minis yo.
You may also like
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami
-
Festival de Cannes : Handicapée, une jeune femme refoulée à cause de ses baskets