Ansyen kandida pou pòs prezidan an France la, Marine Le Pen, pèdi eleksyon yo jodi samdi 5 novanm 2022 a, sa vin fè li pa rive fè yon lòt manda kòm prezidan pati Rasanbleman nasyonal la. Eleksyon sa yo t ap fèt pandan 18èm kongrè pati a, e se Jordan Bardella ki rive pran plas Marine nan, men ansyen prezidan an di l ap toujou rete mobilize.
Apre li fin fè twa mwa kanpay, Jordan Bardella rive bat Marine Le Pen epi ranplase li nan tèt pati a ak 85% vòt yo. Jenn gason 27 lane a tounen premye prezidan pati a ki pa soti nan fanmi Le Pen. Apre Marine fin pase onz (11) lane nan tèt pati papa l te fonde a, li blije kraze yon kite sa.
« Mwen pa kite tèt pati a pou m al an vakans. Mwen mwen rete byen mobilize », se pawòl fanm 54 lane a pandan diskou li nan 18èm kongrè a, aprè eleksyon ki akouche Jordan Bardella kòm nouvo tèt pati a.
« Pa gen kanpe pou mwen, menm jan pa gen kanpe pou nou tout […] rete anpil bagay pou nou fè » selon Marine Le Pen.
You may also like
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami
-
Festival de Cannes : Handicapée, une jeune femme refoulée à cause de ses baskets