Manuela Roka Botey se premye fanm ki rive premye minis nan Guinée-Équatoriale. Se 31 janvye 2023 a prezidan Teodoro Obiang Nguema Mbasogo nome Manuela nan pòs sila pandan li t ap li dekrè nominasyon an sou chèn televizyon prensipal peyi a.
Manuela Roka Botey se vis-dwayen nan fakilte lèt ak syans sosyal nan inivèsite nasyonal peyi a. Li te deja nan gouvènman an depi lane 2020, lè sa, li te minis delege pou edikasyon nasyonal, ansèyman inivèsitè ak espò. E jodi a, li pran pwomosyon pou li vin premye minis, bò kote prezidan peyi a.
« Se premye fwa nou gen yon fanm ki nome pou l vin premye minis nan Guinée-Équatoriale. Se yon prèv anplis, pou montre kijan nou angaje nou pou nou batay pou gason ak fanm egal-ego nan peyi a » se sa vis-prezidan peyi a, Teodoro Nguema Obiang Mangue, alias Teodorin, ekri sou kont twitter li. N ap note, vis-prezidan peyi a se pitit prezidan peyi a.
Manuela ranplase Francisco Pascual Obama Asue, kit e pase ywit lane kòm premye minis peyi sila. Anplis nominasyon Manuela, prezidan Obiang nome twa vis-premye minis. Li anpòtan pou nou note, prezidan Obiang ap dirije peyi li depi 1979, e se prezidan vivan ki pase plis tan sou pouvwa nan mond lan, san nou pa konte monak yo.
You may also like
-
Egypte : des femmes ayant deux enfants au plus éligibles à une allocation gouvernementale
-
Mali – reprezantativite : fanm yo kontinye goumen pou yon pi bon plas nan lavi politik la
-
Young Nigerian becomes General in US Army
-
Sarah Chan « On m’a soufflé sur le visage pour la couleur de ma peau »
-
La chanteuse tunisienne Faiza Maherssi n’est plus