google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
f3be5eb7ff15f2013a3b65fbca4bf864 1666110455
© %author%

Iran : Yon atlèt fi al nan konpetisyon san vwal, kisa ki rive li ?

Elnaz Rekabi se yon eskaladèz ki soti nan peyi Iran. Li t al nan yon konpetisyon an Kore di sid pandan wikenn nan. Nan peyi kote li soti a, atlèt feminen yo pa dwe ale nan konpetisyon san yo pa mete vwal pou mare tèt yo, kit se konpetisyon nasyonal, kit se konpetisyon entènasyonal. Nan lannwit dimanch 16 pou rive lendi 17 oktòb 2022 a, Elnaz Rekabi pa swiv règ sa a.

Nan madi, grenpez la ekri sou paj rezo sosyal li, pou li di jès li te fè a, se pa t ak pwòp entansyon l li te fè l. Èske se li ki ekri mesaj la vre ? Kisa ki rive li lè li tounen Iran ?

Elnaz Rekabi te rive katriyèm nan kous la. Men sa ki te plis make piblik la, se jan li te patisipe nan konpetisyon an : san vwal. Jès sa se yon enfraksyon, paske règ vestimantè peyi Iran an yo enpoze tout atlèt fi pou yo mete hijad (vwal) nan konpetisyon espò yo, menm sila yo k ap fèt aletranje.

Aksyon sa poze yon mwa apre gwo manifestasyon ap fèt prèske chak jou nan peyi Iran, toujou sou kesyon hijad sa, akoz lanmò Mahsa Amini, yon jèn ti fi 22 lane ki mouri vandredi 16 septanm 2022 pase a, apre lapolis te fin arete li poutèt « rad li pa t apwopriye ». Manifestasyon sa yo lakoz anpil moun mouri, selon Human Rights (dwa moun), yon Òganizasyon Non Gouvènmantal nan peyi Iran.

Men kote Elnaz Rekabi ye jodi a ? Kisa ki rive li ?

Anbasad Iran nan Kore di Sid konfime Elnaz Rekabi kite kore di Sid madi maten. BBC di, selon yon sous li vle kenbe sekrè, otorite Iran yo ta sezi telefòn atlèt la ak tout paspò li. Lè nou al gade sou sit entènèt IranWire, yon sit ki sou kontwòl Maziar Bahari, yon jounalis Kanadyen ki gen orijin li nan peyi Iran, nou wè li di Elnaz Rekabi gentan nan yon prizon ki rele Evin, nan kapital peyi Iran.

Selon Azadeh Kian, yon jij franse ki gen orijin li nan peyi Iran, ipotèz ki fè kwè Elnaz Rekabi ta nan prizon an fyab, paske, jeneralman, otorite Iran yo konn sezi paspò kèk selebrite epi mennen yo nan prizon, pou yo al pase devan jij epi reponn ak anpil kesyon konsènan sa yo t al regle nan lòt peyi yo. Apre sa, swa yo lage yo, swa yo kenbe yo nan prizon an.

Apre konpetisyon an, nou te rive li yon pòs, sou yon kont enstagram ki pote non atlèt 32 lane a, men kont la pa sètifye  : « mwen se manm federasyon eskalad peyi Iran depi 20 lane. […] se yon erè pwogramasyon ki koz mwen te parèt konsa (san vwa la), se nan dènye moman an yo rele m, sa koz te gen erè nan fason mwen te abiye a… ».

Elnaz Rekabi se pa premye atlèt Iran ki patisipe nan konpetisyon san li pa mete hijad la. Boksèz Sadaf Khadem te al nan konpetisyon san hijad la an 2019, e jiskaprezan, li tou rete an egzil, li pako janm ka rantre Iran. Yon sitiyasyon ki mande anpil refleksyon sou kesyon dwa moun nan kèk peyi, e sitou, sou kesyon dwa fanm.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *