google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
c4d7d06 1440153766
© %author%

SCOTTSDALE, ARIZONA - NOVEMBER 08: Arizona Republican gubernatorial nominee Kari Lake speaks to supporters during her election night event at The Scottsdale Resort at McCormick Ranch on November 08, 2022 in Scottsdale, Arizona. Election results continue to come in the race for Arizona Governor between Kari Lake and Democratic challenger Katie Hobbs. Justin Sullivan/Getty Images/AFP

Kari Lake pèdi eleksyon mi-manda yo

Kari Lake te kandida pou pòs gouvènè Eta Arizona nan eleksyon mi-manda 8 novanm 2022 a. Malgre sipò Donald Trump, se yon lòt fanm ki ranpòte eleksyon yo : Katie Hobbs, yon demokrat. Poutan, Kari Lake pa dakò ak rezilta eleksyon yo, epi Donald trump kanpe dèyè li tou pou di se vòlè Kathie Hobbs vòlè eleksyon yo.

Kari Lake se patizan Donald Trump. Anpil moun te gentan wè li tankou moun ki pral vis-prezidan, si se Donald Trump ki ranpòte eleksyon prezidansyèl 2024 yo. Se yon souflèt pati repibliken ansyen prezidan an resevwa apre Kari fin pèdi eleksyon pou plas gouvènè Eta Arizona a. Menm jan Kari te rete kwè se vòlè demokrat yo te vòlè eleksyon prezidansyèl lane 2020 a, se konsa tou li pa dakò rezilta pwòp eleksyon pa li a.

« Moun Arizona yo konnen lè y ap ba yo zannana sou sizàn », se sa kandida melerèz poste sou kont twitter li nan lannwit 14 novanm 2022 a.

Donald Trump tou, reyaji sou pwòp rezo li a ki rele Truth Social.

« Kèt ! yo fenk vòlè eleksyon yo nan men Kari Lake. Se vrèman grav! ».

Kari Lake se yon ansyen prezantatris jounal nan medya Fox News, li itilize notoryete li te genyen dèyè kamera a pou li rantre an fòs nan zafè politik peyi li. Fanm 53 lane a se repibliken, patizan Donald Trump. Li menm vle pou yo rele li « Trump an jipon ». Dayè, nan kanpay li, manman de (2) pitit la te chita sou menm tèm ak Donald Trump nan dènye kanpay prezidansyèl yo : imigrasyon, kriminalite, deklen, elatriye.

Radikalite Kari Lake te fè kèk ameriken kalifye li kòm yon « menas pou demokrasi ». Yon gwo pati nan laprès ameriken te kòmanse pale de li kòm moun ki te ka vin vis-prezidan si Donald Trump ta ranpòte eleksyon prezidansyèl 2024 yo, paske ansyen prezidan an gentan anonse li pral kandida pou pòs sila.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *