google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
FB IMG 1666980094436
© %author%

KTPS : Eugénia Romain pa t janm renonse a nasyonalite li

Nan yon antrevi li akòde nan jounal premye okazyon maten 27 oktòb 2022 a sou Radyo Caraïbes, Doktè Eugénia Romain, ki pwopoze kòm prezidan Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS), di li pa t janm abandone nasyonalite li. Yon klarifikasyon li te vle pote pa rapò ak tout deba non li fè nan sosyete ayisyen an apre Moïse Jean Charles fin pwopoze li kòm prezidan konsèy la. Se vre li gen yon paspò kanadyen, men li pa t renonse a nasyonalite li.

Se gouvènman kanadyen an ki te ba li paspò peyi Canada a. Men li « pa janm abandone nasyonalite ayisyen an » nan lavi li. Eugénia pran egzanp ikrenyen ki t ap kouri pou lagè, ki te vini Canada, chak ka trete yon fason. Se nan yon ka espesyal li resevwa paspò kanadyen sa, paske kondisyon nòmal yo mande pou moun ki vle chanje nasyonalite a pase yon egzamen pou li vin sitwayen, konsa li di aklè, li renonse a nasyonalite li. Se pa t ka sa pou Eugénia.

Sa ki vin fè se konsa gouvènman kanadyen an trete fanm Port-de-Paix a, se paske li te ale Canada ak tit « egzile ». Se biwo premye minis Justin Trudeau ki te ba li paspò, kat asirans maladi, kat asirans sosyal ak tout sa k ap ede li jwi yon pakèt privilèj. Se nan mwens pase de (2) semèn li te resevwa tout pyès sa yo, alòske demach pou yon moun resevwa dezyèm nasyonalite a mande plis tan.

« Mwen fè yon pakèt bagay an Haïti […] mwen travay nan alfabetizasyon nan vil Saint-Marc » se konsa Eugénia defann tèt li lè yo di ayisyen-kanadyen an pa konn anyen de Haïti, sitou nan dènye tan sa yo.

Eugénia dakò li te gen posibilite pou li remèt paspò kanadyen an epi kenbe sèlman paspò ayisyen li te genyen depi lè li te vis-prezidan federasyon pwotestan an Haïti, men li pa fè sa. Pou kontrekare pwoblèm sa, Moïse Jean Charles ak Eugénia Romain rive jwenn yon antant pou yon lòt moun ranplase li nan tèt Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS) an, se Doktè Françoise St-Villier ki fè sa.

Eugénia Romain di li gen konpetans ak konesans pou li ede Haïti. Pou li, pwoblèm nasyonalite y ap pale a se pa sou sa pou yo ta chita, paske se pa nan eleksyon li prale, men se yon misyon li ta pral ranpli nan peyi li, paske li « dwat, kòrèk ak eksperimante ».

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *