Martine Moïse drese bilan sila 7 fevriye 2023 pou make 19èm mwa lanmò mari li, Jovenel Moïse, ki te ansasinen lakay li 7 jiyè 2021. Li prezante yon bilan negatif pou aktyèl premye minis Ariel Henry : yon gouvènans ki fè pè ak kòripsyon, ranfòsman gwoup ame yo, pwoteksyon trafikan zam yo epi eksplwatasyon tikras resous Haïti yo.
Nan ti pale sa, ansyen premye dam nan touche prensipalman koze ensekirite a, kote nan trant dènye jou sa yo, anviwon 16 ajan polis nasyonal la jwenn lanmò yo, yon sòlda nan fòs lame nasyonal la jwenn lanmò li tou, e 70 sitwayen pezib jwenn lanmò pa yo tou selon Martine Moïse. Anplis ensekirite a, pwoblèm kòripsyon an make premye dam nan tou, paske li prezante kòripsyon kòm yon bagay ki « nan san dirijan ki sou pouvwa yo ».
Pou kore afimansyon li sou koze kòripsyon an, Martine Moïse pale de pouvwa a ki gaspiye 400 milya goud, san y opa reyalize okenn pwojè serye nan lajan sila pandan dènye 19 mwa sa yo. Pou vèv la, asasen mari li yo vare sou espas pouvwa yo epi yo mete gwo chalimo pou souse resous piblik yo. Nan fen diskou li a, Martine Moïse envite zanmi Haïti yo pou yo akonpaye fòs polis ak lame ayisyen yo nan konbat gang ak ensekirite, epi li mande pèp la pou mete lespri patriyòt yo devan epi egzije òganizasyon eleksyon lib, onèt ak demokratik, tout sa, pou pèsonèl politik peyi a ka renouvle.
You may also like
-
La SHOG organise deux journées de sensibilisation et de dépistage du cancer du col de l’utérus
-
Blondedy va mettre sa carrière musicale en pause à cause de son physique
-
Le MIEFH veut mettre les femmes handicapées à l’honneur
-
Nègès Mawon lance un appel à contribution pour la 4e sortie d’Alaso
-
Le RENAGSANG lance le mois du don de sang en faveur des mamans