google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
1536921201 viol3
© %author%

Ministè fanm revòlte apre zak vyolans ki fèt sou yon madan sara

Nan yon nòt Ministè a pibliye sou paj Facebook li jodi mèkredi 5 oktòb la, li montre jan li revòlte, epi li pwofite kondane ak tout fòs li, « zak vyolans ak zak vyòl kolektif medam yo ap sibi nan dènye semèn sa yo ». Se yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo ki leve plim sou do defansè dwa fanm yo : yon madan sara k ap sibi zak vyolans anba men plizyè jenn bway, sou dan wòch yo, nan lari a.

Zak sanginè sa pase nan zòn Lenbe, nan depatman nò peyi a. « Yon manman pitit, yon sè, yon madanm, ki te brave riske vi l pou l al bouske lavi », se konsa biwo kominikasyon ministè fanm nan dekri viktim nan yon fason jeneral, pou montre pa gen moun ki te ka epànye. Ministè a akize fenomèn barikad la, kote, moun ki kanpe dèyè barikad yo, se ta sanginè, k ap ransone moun, e ki menm vyole yo, ak anpil fraka. Sa ki fè otè nòt la mal, se paske malgre lalwa mande pou nou denonse zak sa yo, anpil nan vitim yo rete nan silans yo, sa vin koz anpil bouwo ap pwonmennen nan figi tout moun, ak chans pou yo rekòmanse nan zak sanwont san santiman sa yo.

Ministè a mande tout sektè nan lavi peyi a : sosyete sivil la, lapolis, lajistis, pou yo akonpaye ak ede ministè fanm, pandan y ap kwape vye zak malonèt sa yo fanm yo ap sibi chak jou ki jou. Li atire sansibilite yo pandan l ap di yo, nenpòt nan manm fanmi yo kapab viktim zak malonèt, si anyen pa fèt pou sa chanje. Gen gwo pèn k ap tann tout moun k ap vyole, agrese, epi fè kadejak sou fanm yo, selon la lwa, se sa Ministè a fè nou sonje.

  • FB IMG 1665087456385
  • FB IMG 1665087459192
  • FB IMG 1665087461523

Nòt la raple nou « se fanm yo k ap kenbe ekonomi peyi a nan tout kalte travay ak ti komès ». Epi li pwofite pou li envite tout moun k ap manifeste – yon dwa konstitisyon peyi a garanti yo – pou yo respekte diyite ak entegrite moun, pou yo respekte byen ak lavi moun : « nou p ap ka fè peyi nan kondisyon sa […] fanm ayisyèn nou yo travay twò di, yo gen twòp lanmou ak sansibilite pou fanmi yo, pou peyi yo, pou se sa y ap sibi. Fòk sa kaba ! »

Pou l fini, ministè a mande lajistis ak lapolis pou yo mennen ankèt prese prese, pou yo sa fouke de (2), [e menm twa (3)] bouwo sa yo devan lajistis. « Kadejakè pa gen kè, ann denonse yo », se konsa ministè a ap sansibilize popilasyon an pou li ede nan kwape malandre zago loray ki konprann yo ka jwe jan yo vle ak entegrite ak diyite moun.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *