Mouvman Fanm EDE te lanse pou premye fwa nan mwa mas pase a spesyalman jou dwa fanm yo. Mouvman Fanm EDE se yon anbranchman nan pati politik « Engagés pour le Développement (EDE) ».
Enplikasyon fanm anndan politik an Haïti plis pase nesesè, selon Sterline De Browns Civil, sekretè jeneral Mouvman Fanm EDE an Haïti. Li te pale konsa lè lansman strikti a. Li te ajoute yon rezon sou refleksyon li a : okenn demokrasi paka posib si gen yon mwatye nan popilasyon an ki pa konsidere, paske pa gen demokrasi nan esklizyon.
Pi lwen pase yon senp posibilite, pwofesè nan inivèsite a raple fanm yo, patisipasyon yo nan lavi politik nan peyi a se yon dwa ki marande ak yon devwa. Anplis, li mete aksan sou konpetans ak konesans, ki dwe chwal batay tout fanm ki vle enplike yo nan politik.
« Yon fanm ki ap viv an Haïti dwe soti nan zòn konfò li, epi ale batay, gras ak sa, n ap jwenn Haiti nou reve a, yon Haïti ki konstwi nan dimansyon istwa li avèk lwa li », se konsa Pwofesè Sterline, sekretè jeneral Mouvman Fanm EDE a te konkli konferans sila.
N ap note, nan menm jou lansman an, se nan tout dis (10) depatman peyi Mouvman Fanm EDE te reyini fanm kou gason pou sansibilize yo sou enpòtans kategori fanm nan genyen nan sosyete a e poze pèspektiv sou kijan enplikasyon ak patisipasyon fanm yo nan politik peyi a ka pote yon chanjman pozitif malgre defi yo ki anpil, jouk kounye a.
You may also like
-
La SHOG organise deux journées de sensibilisation et de dépistage du cancer du col de l’utérus
-
Blondedy va mettre sa carrière musicale en pause à cause de son physique
-
Le MIEFH veut mettre les femmes handicapées à l’honneur
-
Nègès Mawon lance un appel à contribution pour la 4e sortie d’Alaso
-
Le RENAGSANG lance le mois du don de sang en faveur des mamans