Albòm Midnights devwale vandredi swa 21 oktòb 2022 a, e li gentan ap fè anpil wout la. Se dizyèm
albòm atis la, e anpil anpil moun gentan tande li sou platfòm Spotify. Nan menm vandredi albòm nan sòti a, li bat yon rekò : se albòm moun plis tande nan yon sèl jou sou Spotify.
Se platfòm nan menm ki poste mesaj pou felisite atis la.
« Avan minwi sonnen pou nou rantre nan jounen 22 oktòb la, Taylor Swift bat rekò kòm albòm moun plis tande nan yon sèl jou sou tout istwa Spotify. Felisitasyon Taylor ». Se nan vandredi aprèmidi platfòm ki soti nan peyi Suède la te
poste mesaj sila.
Dènye moun ki te bat rekò sa, se Bad Bunny, ki te soti albòm Un Verano Sin ti, e te gen 183 milyon moun ki te tande li nan yon sèl jounen, nan mwa septanm 2021. Men, Taylor bat rekò sa nan yon sèl jou tou.
« Se rezilta 13 nwit blanch pandan tout lavi m, […] se 13 chante ki kreye yon imaj konplè ak tout chalè yo, […] lavi kapab sonm, plen etwal, plen nyaj, fè pè, bay kouran, cho, frèt womantik, solitè… ».
Taylor Swift pote yon ti epis anplis pou fanatik li yo, li poste yon lòt vèsyon albòm nan pou fanatik li yo. Li ba l tit « 3 am » (twazè di maten), epi li ajoute sèt (7) lòt mizik pou yo, anplis de 13 premye mizik ki sou albòm orijinal la ki rakonte 13 istwa de 13 nwit blanch sou lavi li.
You may also like
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami
-
Festival de Cannes : Handicapée, une jeune femme refoulée à cause de ses baskets