google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
fotonoticia 20230117031504 1920 4
© %author%

Pérou : prezidan Dina Boluarte vle vanse pou eleksyon malgre blokaj politik yo

Premye fevriye 2023 sa, nouvo prezidan perivyen an, Dina Boluarte vle vanse pou eleksyon yo malgre twa (3) echèk youn dèyè lòt li sibi nan men palmantè yo. Yon fwa ankò, li pral mande palmantè yo pou yo vanse pou eleksyon yo, nan lespwa pou yo kalme kontestasyon pèp la ap mennen depi sèt (7) semèn.

Apre 5èd tan diskisyon ak deba, majorite palmantè yo vote kont pwojè eleksyon antisipe ki te prevwa pou desanm 2023 a. Depite ki nan politik goch la salye vòt la ak aplodisman epi kri laviktwa. N ap raple, nan yon premye tan, se an avril 2024 eleksyon òdinè yo gen pou fèt nan peyi Pérou, prezidan Dinan te vle avanse dat la pou desanm 2023 nan sousi pou kalme tansyon pèp la, ak gwo mouvman pwotestasyon ki deja lakòz lanmò 48 moun.

Yon lòt bò, pwotestasyon pèp la se pou yo jwenn demisyon Dina Boluarte, ankò, pou yo kraze palman an, paske lopinyon piblik diskredite palmantè yo. Apre tout sa yo, pwotestatè yo vle eleksyon jeneral ak yon asanble konstitiyan. Se depi apre 7 desanm 2022, dat detistisyon ak arestasyon prezidan Pedro Castillo, pèp la kòmanse ak seri manifestasyon yo. Dina, ki te vis-prezidan Pedro, ranplase li sou pouvwa a annatandan eleksyon yo.

Palman perivyen an nan yon sitiyasyon espesyal pou kounye a, paske pa gen yon pati ki gen yon majorite vre. Pou yo akòde yo sou yon pwen, se plizyè alyans ak diskisyon ki pou ede yo avanse, paske gen dis (10) fòs politik nan palman an, san nou pa konte palmantè endepandan yo. Se de sitiyasyon espesyal sa Dina Boluarte vle pwofite pou vanse sou chimen eleksyon yo. Palmantè ki nan politik goch la, yo menm, vote kont eleksyon yo tou, yon fason pou li pi fasil pou yo, pou yo kapab jwenn patizan pou ede yo vote pou yon referandòm nan konstitisyon Pérou a.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *