google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
cha MirlandeManigat RalphTJoseph10627 sm
© %author%

Pòtrè Mirlande H. Manigat kòm manm nouvo konsèy tranzisyon an

A 82 lane sou tèt li, Mirlande Hyppolite Manigat se youn nan gwo fanm politik ak entèlektyèl Haïti genyen. Pwofesè a toujou mete li disponib pou ede peyi li, swa nan travay entèlektyèl oubyen nan patisipasyon li nan aksyon politik pou ede peyi li avanse. 21 desanm 2022, non Mirlande H. Manigat site pami twa moun ki deziye pou fòme wo konsèy tranzisyon ki pral travay ak gouvènman Ariel Henry a pou òganize eleksyon jeneral ki dwe abouti ak yon prezidan k ap enstale sou pouvwa a 7 fevriye 2024.

Konstitisyonalis la te eli senatè repiblik la pandan kout peryòd kote defen mari li, Lesly François Manigat, te prezidan peyi a soti fevriye pou rive jen 1988. Li te refize dezyèm manda li kòm senatè an 2006, apre mari li te fin pèdi eleksyon prezidansyèl yo nan yon sikonstans eksepsyonèl. Se vre, an 2011, Mirlande H. Manigat te youn nan kandida favori pou prezidans peyi a, men li te fini dezyèm nan kous la.

Depi apre lanmò mari li, 27 jen 2014, se Mirlande ki t ap dirije pati politik Rasanbleman Demokrat Nasyonal Pwogresis (RDNP), jis li te vin remèt direksyon pati a bay defen Eric Jean Baptiste, ki mouri ansasinen vandredi 28 oktòb 2022 a.

Antank espesyalis nan konstitisyon, Pwofesè Mirlande Manigat te patisipe nan elaborasyon konstitisyon 1987 la. Jodi a, li pami twa (3) manm konsèy tranzisyon yo, e li reprezante pati politik yo. Youn nan travay konsèy li ladan an pral gen pou fè, se revize konstitisyon an pou ede li matche ak sitiyasyon politik aktyèl yo.

Nan patisipasyon, enklizyon ak ouvèti lespri pou ede peyi li, Mirlande H. Manigat se yon modèl pou chak jèn fanm ki gen lide avantire yo nan mond politik la an Haïti. Li se yon eksepsyon, pou sila ki toujou wè koze politik an Haiti ak move je. Mirlande Hyppolite Manigat se yon ayisyen ki fè valè fanm yo nan mond politik la.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *