16 me sa a make 81èm anivèsè depi fanm yo te jwenn pouvwa pou eli otorite yo nan République Dominicaine, se apati moman sa a yo te kòmanse yon long karyè kote yo menm tou, yo te jwenn posibilite pou yo te patisipe nan eleksyon yo kòm kandida nan yon pwopòsyon egal ak gason yo.
Pouvwa pou fanm yo vote ki, jodi a, konsidere kòm aki, te vin posib nan lane 1942 nan République Dominicaine, e se te aprè yon gwo konba entènasyonal byenfè sa te rive, e pou sa gen anpil fanm ki te pèdi lavi yo. Sergia Galván, yon aktivis pou dwa popilasyon fanm nan, wè fanm yo pakouri anpil tan ak dwa vòt sa, men, li deplore mank patisipasyon yo nan pòs elektif yo.
An 2020, reprezantasyon fanm yo nan Kkongrè a dominiken an te bese, an menm tan, kantite fanm ki nan pòs ministeryèl yo te bese tou. Soti nan 56 depite fanm, kongrè a te pase a 52, soti nan twa senatè fanm a kat, epi soti nan twa minis fanm li pase a de.
Fanm yo nan baz piramid pouvwa politik la, yo paka aksede a pòs ki pi wo yo, se pou sa Galván afime sosyete li a pase akote opòtinite pou li te benefisye talan ak kapasite fanm yo, ki se yon majorite nan popilasyon an. Li vle di se opòtinite peyi a ap pèdi lè li pa garanti yon patisipasyon ekilibre ant fanm ak gason nan domèn politik la.
You may also like
-
Beyoncé enflamme le Stade de France
-
Céline Dion met sa carrière en pause
-
Cannes 2023 : 7 réalisatrices en compétition pour le Palme d’or, un record dans l’histoire du festival
-
Haïti-Foot : la joueuse de football Kerly Théus honorée à North Miami
-
Festival de Cannes : Handicapée, une jeune femme refoulée à cause de ses baskets