google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
221024135207 akshata murthy aug 31
© %author%

Royaume-Uni : madanm premye minis la pa oblije peye taks

Akshata Murty, madan nouvo premye minis britanik la, Rishi Sunak, pa oblije peye taks malgre li gen anpil lajan. Se paske li se etranje (endyen) ki fè li pa gen obligasyon pou li peye taks selon lwa Royaume-Uni yo.

« M ap peye taks paske mwen vle, men lalwa pa mande m sa », selon Akshata Murty.

« Madanm mwen fèt an Inde, e se la li grandi. Nou paka mande l pou li koupe lyen yo ak peyi li jis paske li marye avèk mwen », se konsa Rishi t ap plenyen epi denonse yon kanpay denigreman, selon li, pou sal imaj li ak imaj fanmi li.

Koup la te rankontre nan peyi États-Unis pandan yo t ap fè metriz nan disiplin « biznis » nan inivèsite Stanford (Californie). Se fanmi Murty ki te peye lekòl la pou li, pandan Rishi li menm, se yon bous li te jwenn.

A 42 lane sou tèt li, Akshata Murty gen anpil anpil lajan. Tout fòtin li depase yon milya dola. Sa vin fè Murty pi rich menm pase defen rèn Elisabeth, ki li menm te genyen anviwon 420 milyon ewo.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *