google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
08election day mtg hfo mtg wins 1 1f34 mobileMasterAt3x 1
© %author%

USA – Eleksyon mi-manda : Marjorie Taylor Greene eli ankò e l ap tann plis pouvwa nan pati repibliken an

Reprezantan Georgia a, Marjorie Taylor Greene, ki te konsidere kòm yon obstak nan Pati Repibliken an -pwòp pati li- genyen yon dezyèm manda nan Kongrè a, kote li ta dwe jwe yon wòl ki plis santral pa rapò ak avan. Apre eleksyon 8 novanm 2022 a, repibliken an prè pou li vanse epi jwenn plis estim nan men repibliken parèy li yo.

Reprezantan Marjorie Taylor Greene, t ap ankouraje kèk teyori konplo rasis ak antisemit ki te mete l dozado ak Pati Repibliken an lè li te premye eli an 2020. Ebyen madi 8 novanm 2022 a, li eli ankò e li sou wout pou l jwe yon wòl pi santral nan pwochen Kongrè a. Viktwa Greene nan 14yèm distri Georgia a pa yon aza, paske se youn nan distri ki pi repibliken nan peyi a. Konsa, li rive mete do demokrat Marcus Flowers atè yon ti tan apre biwo vòt yo te fin fèmen.

Sitiyasyon k ap grandi nan politik ameriken an ak ansanm kandida repibliken ki favori yo pare pou reflete yon transfòmasyon pi laj nan Pati Repibliken an. Poutan, nou raple nou, lè Madam Greene te genyen eleksyon 2020 yo, te gen ti pale anpil ant Repibliken yo ki te wè madanm nan kòm yon andikap pa rapò ak pwomosyon kèk mouvman, kek teyori konspirasyon ekstrèm dwat li te konn anvizaje. Ane sa, li pral jwe yon pi gwo wòl nan chanm reprezantan yo akote lòt kòlèg repibliken li yo.

Pami egzanp nou ka pran nan teyori konplo Greene apiye yo, reprezantan an te fè konnen atak 11 septanm 2001 an se te yon montaj, dife ki konn pran nan forè yo, se lazè ki konn pwovoke yo, sou kontwòl kèk mechan. Li te menm sijere pou lidè Demokrat yo ta egzekite pou move zafè.

Lè nou konsidere reprezantan Greene ki deja eli, lè nou konsidere tout lòt kandida repibliken yo ki sou bon wout toujou nan eleksyon yo, lè nou konsidere ansyen Prezidan Donald Trump ki pa kache panse l ankò : ki vle al nan eleksyon prezidansyèl k ap vini yo, nou wè tablo politik ameriken an rezève anpil sipriz pou nou pandan de (2) lane ki pral vini la yo.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *