Milye teren Fc Baselòn, Alexia Putellas ki gen 27 lane ranpòte Balon dò Frans foutbòl feminen 2021 an. Pri sa li resevwa li nan seremoni ofisyèl ki t ap fèt nan vil Pari, peyi Lafrans.
Alexia Putellas pou ane sa eli jwèz ane a pou UEFA. Pou sezon sa jwèz la make 26 gòl e fè yon ak ekip li FC Baselòn kote li genyen twa chanpyona, ki se Koup la, champyona ak lig dè champion an.
Alexia Putellas ki ap jwe a gòch nan milye teren ekip FC Barselòn nan gentan make pou sezon sa 9 gòl avèk menm kantite pas desiziv nan 10 match chanpyona.
Nan klub, jwèz la gentan pwouve kapasite l kounia li rete pou l bay randman nan seleksyon. Paske ane denyè, ekip espay feminen pat menm ka kalifye pou tounwa olympik foutbòl Tokyo a.
Berlande Bernard