google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210520 WA0030
© %author%

Reyalite kache dèyè konsèp fanm Potomitan

Nan sosyete nou an, yo souvan itilize mo « potomitan » pou pale de fanm. Men ki sans pawòl sila genyen ? Eskè l pa gen plizyè konotasyon ? Nan lapremidi, jou ki te vendredi 14 me 2021 an, nan Yon konferans andirèk sou fesbouk ki te dire inèdtan apeprè, twa fanm te deside bay opinyon yo sou sijè sila : « Reyalite kache dèyè konsèp fanm potomitan. »


Twa fanm sa yo pa t lòt ke: Mambo Lavi Djò ( Sekretè Vodou se Lavi), Sabine Lamour( kowòdonatris Jeneral Sofa), Laïla Bien-aimée ki te jwe wòl moderatris konferans anliy la.
Konferans lan te kòmanse sou baz anpil kesyònman : « Yo souvan di fanm se potomitan. Poukisa ? Kisa yon potomitan ye ? Pouki yo idantifye fanm yo ak sa ? ».

Premye Moun ki te pran lapawòl pou reponn kesyon sila yo, se Mambo Lavi Djò. Daprè sa l te di, nan dòmen mistik, potomitan reprezante baz, sant ak pilye. Kidonk, yo rele fanm potomitan paske tout chay ta sanble repoze sou fanm, sitou an Ayiti. Nan anpil fwaye, fanm jwe wòl fanm a gason. Se li k responsab bon fonksyònman kay la. E yonn nan bagay ki konn lakòz kèk fwaye brize, se absans fanm.

Nan sans sa, Laïla te entèvni pou mande : Eske se pa yon mit ki vle fè kwè depi pa gen fanm, bagay yo pa p byen mache ?

Sabine Lamour te fè konnen kesyon fanm se potomitan se yon bagay yo fabrike, yon konstriksyon ki soti nan fanmi ak sosyete a. Daprè yon chita pale avèk kèk fanm ak gason, Sabine te rive konprann konstriksyon potomitan genyen de faz :

-Premye faz la se yon sosyalizasyon primè ki gen rapò ak tout valè, tout enpak afektif tifi yo resevwa nan devlopman yo. Sa gen lyen ak non yo konn bay timoun yo ( ti granmoun san kay, depi entèl nan kay, tèt Mwen repoze…) ki asosye yo a granmoun. Yo konn site kèk pwovèb tout ( tifi ki pa konn lave, pase ; al ret kay manman w.) Anplis de pawòl sa yo, yo konn aprann tifi yo degaje yo byen bonè, aprann yo fè komès, ba yo veye boutik, fè travay domestik ( lave pou gran frè, fè manje pou konbit lakay yo). An jeneral, se fason yo leve tifi yo ki pral devlope on seri konpòtman lakay yo e k ap fòme pèsonalite yo.

-Dezyèm faz la se yon sosyalizasyon segondè kote yo aprann fi yo fè byennèt lòt moun pase anvan byènnèt pa yo ( Kite travay pèsonèl yo pou al fè travay kay : lave, manje). Yo responsabilize yo depi lè yo tou piti. Yo fè konnen fanm pa dwe ret chita. Yo menm rive bay fanm pote chay gason nan plas yo ( nan fason yo konn di gason pa gen pitit, se fanm ki gen pitit). E se menm fanm ki asire kòd transmisyon potomitan bay tifi ak fanm parèy yo nan fason yo leve yo ak nan pawòl yo di yo.

Anverite, potomitan bay fanm nan anpil wòl nan sosyete a : wòl pwoteksyon ak sekirite, wòl swen, travay afektif, travay emosyonèl. Sa konn rive fè fanm nan devlope sa nou rele : kilpabilte. Paske lè yon bagay pa byen mache, yo konsidere se fanm nan ki echwe, se li k pa byen fè travay li. E menm lè pa gen pwoteksyon sosyal nan kèk fwaye kote gason pa pran responsabilite yo, sakrifis ki pou fèt la, se fanm ki pou fè l pou asire ekilib sosyete a. Kote leta ?

Yo prepare fanm yo pou pote tout chay men yo pa prepare gason yo pou kanpe bò kote yo. Nan tout sakrifis fanm fè, yo toujou wè se yon devwa, yon obligasyon l ap ranpli. Anfèt, fanm vin tounen Yon gwoup yo sakrifye nan sosyete a. Kesyon potomitan se yon kesyon politik. Se yon fòm esklizyon onorab.

Gason menm, pa leve menm jan ak fanm. Yo pa responsabilize yo menm jan yo fè l ak fanm. Yo aprann yo tèt yo se pou yo, tan yo se pou yo.
Sabine te fini pou l di : « Yo vle fè fanm yo kwè se yon fyète lè yo idantifye yo a potomitan. Men koze sila gen yon fas kache. Se yon pwa lou ki sou do fanm yo. E lè potomitan gen twòp pwa sou li, li kraze. »

Laïka te fèmen konferans lan kote l t ap voye mesaj pou sosyete a : « Leve timoun yo sou yon baz ekitab. Sispann défini tach. Nou vle fè gason potomitan tou. Konsa tout moun ap pote chay la ansanm. Li pa nòmal pou se yon sèl moun k ap pote l poukont li. Sa lakoz anpil doulè, depresyon ak soufrans. Se yon lòt edikasyon k ap pèmèt nou fè yon lòt sosyete.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *