google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
20220204 190403
© %author%

Tafa Mi-Soleil soti on nouvo mizik ki rele  » Moso Lanmou »

Nan on nòt ki parèt jodi vandredi 04 fevriye 2022 a, chantèz Tafa Mi-Soleil anonse li soti yon nouvo mizik ak tout videyo ki rele « Moso Lanmou » ki dire 3’34 » e ki disponib sou tout paj rezo sosyal atis la.

Chantèz la esplike atravè nòt sa li adrese ak Tafamily yo, mizik  » Moso Lanmou » li soti ya se yon zik kote li ap fè konnen li gen on konba l ap mennen kòm atis kont vyolans sou fanm ak tifi e pwofite tou denonse tout zak sila yo.

Tafa Mi-Soleil fini nòt sa pou l rann omaj ak plizyè lekol e tou remèsye tout moun ki toujou ba l sipò yo jan yo kapab e ki pral pèmèt mizik sila ki se « Moso Lanmou ».

N ap fèw konen « Moso Lanmou » ki gen selman 5è depi l soti gen 3.1k moun ki gade l sou paj YouTube Tafa Mi-Soleil e nou envite ou menm ki pako gade l e ki kwè nan konba k ap mennen kont vyolans sou fanm ak gade l mizik sa e pataje l jan w kapab se swè atis la kise Tafa Mi-Soleil.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *