google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20220107 WA0187
© %author%

Yo kenbe yon prizyone k ap fè lanmou ak avokat li ya nan prizon

Andan kote ki fèt pou pale nan prizon pou lasante nan vil Pari peyi Lafrans, on sekirite kenbe yon prizonye k ap fè lanmou ak avokat li.

Daprè sa jounal Le Parisien rapote, sekirite a wè gen on mouvman k ap fèt a travè vit la ki tente, li kouri ouvè pot la pou l gade si avokat la genyen on pwoblèm, sil nan danje, lèl parèt li jwenn se lanmou de moun yo ap fè.

Moun yo riske jwenn pinisyon, daprè media fransè yo. Avokat la ka menm radye nan baro epi prizonye li menm ka pase plizyè jou nan katye katye disiplinè.

Lalwa pa entèdi de patenè lanmou nan prizon men gen yon prosesis ki dwe swiv avan on aksyon konsa fèt, se rezon sa ki lakòz de moun yo ap pini, paske yo fè sa san otorizasyon prizon.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *