google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210617 WA0037
© %author%

Jeanie Bogart : yon gran fanm nan zafè pwezi

Jeanie Bogart se youn nan fanm ki renmen pwezi anpil. Se depi a 14 zan li te koumanse ekri tèks li yo. Pou rezon sa, Dofen News te fè yon pale avèl jounen mèkredi 16 jen 2021 an. Kote l pale de karyè li, de enpòtans lang manman nou genyen pou peyi a ak pasyon li genyen pou literati. Aktyèlman la, l ap viv Kebèk nan peyi Kanada kote l ap fè yon etid doktoral nan « Université de Sherbrooke » sou ‘’Études françaises Recherches-création’’.

Ekriven Jeanie Bogard fèt nan vil OKay nan lane 1970, se la tou li fè etid primè li. Aprè sa li vin monte Pòtoprens kote li fè etid segondè l. Lè li fini ak etid klasik li, li pran yon fòmasyon sou metye jounalis, li te vin travay kòm jounalis nan diferan medya. Li fè nou Konnen : « Mwen te prezante yon emisyon sou television nasyonal ki te rele ‘’Les grands dossiers économiques’’, epi mwen te konn fè repòtaj nan Tropic Fm ». Aprè sa, li te vin kite peyi a la l bout nan peyi Etazini ko te li pase 25 lane.

Se yon fanm ki trè dinamik, ki gen on trè bèl karyè men sitou ki konn sa l vle. Daprè sa li fè konnen malgre li te gen on lisans ak yon mastè pou l fè kou fransè nan lekòl, li te chwazi travay kòm entèprèt pito e monte pròp entrepriz pal ki te rele ‘’French Creole’’. Li te menm konn fè entèprèt nan tribinal e li te konn ekri pou yon magazin ki rele ‘’Connecticut Haitian Voice’’.

Jeanie ekri plizyè liv tankou : ‘’Un jour… tes pantoufles, pwezi an franse, Éditions Paroles, Monreyal, 2009 ; Éloge de l’interlocuteur : Dialogue avec St John Kauss, Éditions Joseph Ouaknine, Frans 2010 ; Paradoxe, pwezi an franse Éditions Dédicaces, Kanada, 2015 ; -Sa m pral kite Dèyè, pwezi an Kreyòl, Éditions JB, Nouyòk, 2015 ; -Un jour… tes pantoufles, suivi de Chevaucheuse de rêves Legs Éditions, Ayiti, 2015 ; -Migrations insulaires avèk Ernest Pépin, Éditions JB, Nouyòk, 2017’’ .
Li fè nou konnen tou ke : « M te sòti yon CD pwezi an kreyòl ki rele Dènye Rèl, ki te sòti Nouyòk nan lane 2010.

« Mwen te ranpòte on konkou pwezi nan lang kreyol ki tap fèt an Matinik nan lane 2006 », li deklare. Li te reprezante peyi an nan ‘’Guadeloupe Poésie Festival’’ tou.

« Lè m ap mache m konn gen enspiratyon ki vinn jwenn mwen konsa m konn kanpe, m rale yon plim ak papye pou m ekri, si non m ap bliye sa ki vini nan tèt mwen an » Se sa ke li di nou, pou montre kòman ekriti a toujou fè pati de lavil li.

Madan Bogart renmen kreyòl anpil se sak fè li ekri kelke nan tèks li yo nan lang manman nou. Pou li menm li absoliman nòmal paske se nan lang sa ke nou pi alèz, menmsi kèk nan nou pale franse lekòl ak lakay. « Mwen aprann ekri kreyòl pou kont mwen, gen moun ki konprann paske se kreyòl yo ka ekri l nenpòt kòman, chak moun nan nivo pa yo dwe kontribye pou avansman lang lan».

Fòk nou di tou ke li te etidye fashion design nan vil Nouyòk. E li gen kòm pasyon tou penti.

Lè li te jenn timoun lakay li e tout lè l ap grandi li te gen on karaktè fò. Konsa li fè nou konnen ke li pat janm dakò diferans ke yap fè de fi ak gason. Pou li menm Fanm ak gason gen menm dwa. Li denonse : « An Ayiti yo pa bay fanm yo valè. Se travay gason yo ke yo toujou ap valorize, se komsi fanm pa gen kapasite pou yo founi travay entelektyèl. E poutan gen anpil fanm kap fè bon travay nan tout kalite domèn tankou nan literati ».
Li te denonse tou, kondityon ke fanm jwen travay an Ayiti, patron yo toujou ap fè fanm yo de avans ke si yo pa aksepte yap voye yo ale, pou li menm se pou fanm yo pa pè ale.

Pou fini konvèsasyon nou an, li te konseye jenn fi yo, pou yo bay tèt yo plis valè, pou yo goumen e travay di « konseye yo patisipe nan de konkou entènasyonal pou fè moun konnen yo e apresye travay yo ».

Lektèz ak lektè Dofen News gen privilèj pou yo konnen ke li gen on bèl projè ke l ap travay sou li la : « M ap travay sou yon liv literati jenès ke Zanmi m ekriven Marc Exavier te mande m sa gen kèk tan, n ap wè sa l ap bay ».

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *