google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
1554934520
© %author%

Crédit photo : soumise par Skason Baptiste

Prezantasyon aktris Farah Mars ki jwe 2èm wòl feminen nan « BRAQUAGES EN SÉRIE »

Farah Mars se yon bèl negrès, koulè chokola, yon fanm solid (nan kò tankou nan lespri), ak yon tete doubout, cheve krepi, vant plat, anfòm tankou bas. Li fèt yon lendi ki te 26 Fevriye 1990, nan Pòtoprens, zòn Tijo, e se la a tou li grandi.

Lè Farah te vin gen laj pou l rantre lekòl, Paran li yo te mete l Kay Sè Sacré Coeur yo nan Tijo, pou preskolè. Apre lanmò papa l, Williams Mars, manman li Yolande Patrice, yon komèsant, te vin mete l nan Kolèj Mixte Betelle de la Roca, sou wout Frè a, se la li fè Etid Primè li. Apre l fin desann egzamen sètifika, li te rantre nan Kolèj Gilbert Albert pou klas 7èm AF jouk nan klas filozofi.

Nan laj adolesan, Farah te toujou swete pou l devni yon medsen, plis li t ap grandi se plis enterè li te kòmanse oryante nan zafè kominikasyon ak maketin sitou apre l te fin suiv yon konferans kote konferansye a t ap byen pale sou enpòtans Kominikasyon ak Maketin. Fòk nou di tou, nan menm epòk sa, Farah te toujou konn manifèste enterè l pou atizay, sitou sa ki gen awè ak Teyat epi Fim. E se sa ki eksplike depi lè l te gen 7 lane, li te deja konn ap jwe pyès teyat nan katye kote l te grandi. Nan laj 10 lane konsa, li te deja konn patisipe tou nan majorèt lekòl li, yon seri aktivite ki òganize pou fèt Drapo Ayisyen an.

Rive nan lane 2008, Farah te gen 18 lane lè l te kòmanse anime premye emisyon li sou RTNH, nou vle pale de « Miroir des jeunes », yon emisyon sou « Edikasyon avèk Jenès » ki te konn anime avan pa Esmeralda Milcé, kote te vin genyen an apre Jacques Adler Jean Pierre anpil nan nou konnen sou non « Gongon Bòs Madichon, yonn nan moun tou ki te konn gide Farah epòk yo t ap anime ansanm.

Yon lane apre, swa an 2009, Farah Mars te deja konn ap fè layin nan kèk jounal tankou Spotlight, keseswa kòm aktris oubyen kòm mànken. Li te konn patispe tou nan « One Way Haiti » yon inisyativ ki te lanse pa Steev Azor ki te gen pou misyon fè pwomosyon pou Mòd an Ayiti. San bliye eksperyans li fè nan « Haiti Fashion Week », yon lòt bèl inisyativ ki te lanse ak yon ekip dizayè tankou Phelicia Dell, Michel Chataigne, toujou nan menm lide pou te fè pwomosyon pou Mòd.

Pi lwen, apre gran lansman « Haiti Fashion Week » nan lane 2011, Farah te sètoblije rantre nan lekòl Pwofesyonèl, konsa li enskri nan « Centre d’Etudes Diplomatiques et Internationales » CEDI, kote l etidye Maketin ak Relasyon Piblik. Pandan tout tan sa yo, Farah ki kwè anpil nen Edikasyon ak fòmasyon te konn pwofite suiv anpil lòt kou, pami yo, Enfòmatik ak Kuizin. An palan de kuizin, fòk nou presize, manje prefere aktris la se : diri Nasyonal, sòs pwa kongo avèk poul peyi.

Farah Mars patisipe nan plizyè videyo klip konpa, tankou « Jou a la », avèk atis Shaba, yon mizik ki preche kouraj, pèseverans ak lespwa pou chak Ayisyen ki twouve yo nan yon sitiyasyon difisil. Aktris Farah patisipe tou nan videyo « Girls Girls Girls » yon lòt bèl mizik atis Dro reyalize ansanm ak Wyclef Jean kote yo t ap fè elòj pou diferan fanm nan Karayib la.

download 16
Prezantasyon aktris Farah Mars ki jwe 2èm wòl feminen nan « BRAQUAGES EN SÉRIE » 5

Farah Mars ap bay sèvis li nan Administrasyon piblik la depi plis pase 5 lane. Li abitye kolabore tou ak kèk lòt medya nan Kapital la, tankou Radyo Pacifique, Televizyon On TV, elatriye, toujou kòm animatris, sitou nan kad kèk emisyon espesyal sou kilti, oubyen kanaval. Aktris la kwè anpil nan travay, e se nan sans sa li toujou temwanye apresiyasyon li pou kèk pèsonalite li menm konsidere tankou modèl, tankou : Patrick Moussignac, PDG Groupe Caraïbe; Barack Obama, ansyen Prezidan Etazini; Oprah Winfrey, yon animatris amerikèn; Bregard Anderson, animatè, Valéry Numa, reyalizatè, pou n site sa yo sèlman.

Moun ki viv bò kote Farah konnen l se yon fanm ki renmen lavi, depi w parèt anfas li, ou pa ka pa santi sa, pa rapò ak yon souri ki toujou ap flache nan vizaj li. Zanmi l yo temwanye tou, li se yon moun ki gen anpil senserite lakay li, e se tanperaman sa ki lakòz Farah gen yon pawòl lib, sa vle di, li di sa li vle, jan li vle, lè li vle, depi l panse l tout bon vre.

Fòk nou di tou, Farah Mars se yon jèn manman, selibatè, otonòm ki pa janm kache lanmou l pou pitit gason li Kevin Nathan Exantus, ki gen 4 lane. Kòm pas tan, Farah renmen koute radyo, sitou emisyon sou aktyalite an Ayiti. Li renmen gade televizyon tou, sitou fim aktè ak aktris prefere l yo, tankou : Fabienne Colas, Gessica Généus, Halle Berry, Taraji P. Henson ak Meagan Good.

Menm jan ak anpil lòt Ayisyen, Farah Mars gen anpil atachman pou peyi d Ayiti, nan sans sa, li bay tèt li misyon kontinye enspire lòt jèn Ayisyen, sitou fanm pou yo pran desten yo an men, kwè nan rèv yo, epi toujou chèche aprann yon metye manyèl, yon fason pou yo ka patisipe nan rekonstriksyon peyi a tout bon vre.

SONJE BYEN : Sòti Ofisyèl « BRAQUAGES EN SÉRIE » se pou Mèkredi 17 Avril 2019, a 7 è nan aswè, nan Lakou « Parc Historique Canne à sucre », Taba. Kat yo disponib a 1000 Goud nan Radyo Vision 2000 (Lali), Contact Plus (Kanapevè), Valerio Canez (Taba), Game Box (Petyonvil), Alliance École Professionnelle ak Bon Jean Super Market (Dèlma).

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *