google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20201218 WA0015
© %author%

Crédit: Estaïlove St-Val

Gonayiv ap akeyi premye edisyon Festival O feminen, yon festival fim feminis

Se nan vil Gonayiv jou k ap 21 desanm 2020 an, premye festival fim feminis ki pote non Festival O feminen, ap tanmen. Yon inisyativ ki mete sou pye nan lide pou bay mouvman feminis la jarèt. Soti 21 pou rive 23 desanm 2020, moun nan vil Gonayiv ap gen chans gade yon seri fim ki mache bap pou bap ak batay feminis yo ap mennen depi lontan, epi gen chans patisipe nan deba k ap genyen aprè chak fim.

Chak gwoup mennen konba yo yon jan, menm si y ap batay pou menm kòz. Se nan sans sa a, Maudeleine Clément, Valentina Morency, Magdala Louis, Patrice Valentin Cineus ak Sondy Moss, yon gwoup jenn fanm ak jenn gason, mete sou pye kokenn chenn aktivite sa a. Daprè yo, se nan objektif pou ride moun yo kontinye reflechi sou kèk tematik ki gen rapò dirèk ak koze feminis la. Gwoup jenn sa yo pa poukont yo pou reyalizasyon festival sa a : « Nou gen yon gwoup benevòl k ap ban n kout men ». Sa se deklarasyon Magdala Louis, responsab kominikasyon estaf la.

Pandan festival la, piblik la ap gen pou gade 3 fim ; youn chak jou. Fim sa yo ap gen pou pase nan alyans fransè vil Gonayiv depi 5è nan aprèmidi. Yon seri konferans tou prepare, ap tann patisipan yo aprè chak fim. Yon fason pou yo reflechi ansanm sou sa ki konsène fanm, pouvwa ak dwa yo genyen, e sou kokenn chenn batay yo gen pou yo mennen nan sosyete a.

Premye jou a, fim k ap gen pou pase a se « Femmes ».Yon fim Anastasia Mikova ak Yann Arthus Bertrand reyalize. Nan menn jounen sila a, òganizatè yo prevwa yon konferans k ap gen pou tèm « être femme en Haïti ». Se Youdeline Cherizard ak Valentina Morency k ap pote lapawòl sila a. « Haïti, chronique des femmes oiseaux », se tit fim k ap pase jou k ap madi 22 desanm nan, dezyèm jounen festival la. Se Michèle Lemoine ki reyalize fim sa, k ap gen yon konferans k ap suiv li sou fanm kòm motè ekonomik. Fwa sa a, se ap Vita Pierre ak Maudeleine Clément k ap pote konferans sila a.

Pou dènye jou festival la, festivalye yo ap gen chans suiv « Sans frapper ». Yon fim Alexe Poukine reyalize. Dènye konferans lan ap trete yon sijè ki enpòtan anpil ki se vyolans seksyèl ann Ayiti.

Festival la p ap long ni twò rich; men se ap yon okazyon pou patisipan yo sòti ak anpil bagay anplis, san bliye nouvo zam y ap genyen pou yo pousuiv konba fiminis lan.

Òganizatè yo p ap rete kanpe apre premye edisyon an. Yo deja ap panse sou kijan pou yo rann festival la posib nan vil Okap nan lane 2021. Pòtoprens poko nan plan yo, paske kapital gentan gen twòp festival ki konsantre ladan l.

N ap raple pou pwojè sa a, genyen Maudeleine Clément ki se kòdonatè jeneral, Valentina Morency, kòdonatè adjwen, Magdala Louis, responsab kominikasyon, Patrice Valentin Cineus, jesyonè pwonè a, Sondy Moss, responsab lojistik.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *