google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
44699205 1928485073865528 1799450542355775488 o
© %author%

Source photo: page facebook Platfòm Jan Nòdès (PJNE)

Kominike Platfòm Jan Nòdès (PJNE)

Sou dosye abi seksyèl sou jèn jwez ayisyèn nan Sant Kwadèboukè
Platfòm Jan Nodès aprann ak gwo kè kase ak repiyans abi seksyèl ke jèn jwez yo ta va ap sibi nan Sant Espotif sila a, anba men Mouche Jean Yves Bart (Dadou), Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyèn nan atravè yon jounal britanik « The Guardian » nan dat ki te 30 avril 2020.

Jiskaprezan pou Platfòm Jan Nòdès se yon akizasyon yo pote kont Mouche Dadou ki mande pou
bon jan limyè fèt pou tout kakachat deyò nan nenpòt pati ki ta va koupab la. Nou byen konnen
nan ki peyi ke n ap viv tou, se pa pou premye fwa gwo bri ap kouri ta fè kwè konn gen gwo tèt
nan travay, lekòl, nan òfelina ki konn abitye fè jan de zak sa yo sou fanm ak tifi,epi pa gen
okenn desizyon kip ran, koupab yo toujou sou moun. Tout moun konnen kòman lajistis peyi
Dayiti malad. Se komkwa prizon pa fèt pou grannèg. Fwa sa, kou sa p ap pase, fòk limyè fèt.
Lè nou konnen reyalite peyi nou parapò a jan de zak sa yo a, ki toujou ap chache lave epi kase
fèy kouvri sa : Apre gwo eskandal sa, Èske yo te evite Mouche Dadou an kontak ak jèn jwez yo?
Èske gen sikològ ki te wè jèn jwez yo ? Eske Mouche Dadou te kontinye gen aksè a tout zafè li,
petèt ki ka pèmèt li gentan efase evidans ke y ap byen bezwen nan ankèt la ?. Èske genyen yon
pwotokol ant relasyon jèn jwez yo ak prezidan Federasyon an ? ak Kotch yo ? parapo a videyo k
ap sikile yo, paske jan de alèz sa yo bay gwo kè sote. Poutèt sa n ap mande :
1) Yon ankèt avèk yon ekip endepandan, ki dwe travay san paspouki, san enfliyans pyès pati
2) Ekate Mouche Dadou nan pòs la annatandan ankèt la fèt
3) Ekip Mouche Dadou a dwe sispann enfliyanse jèn jwez yo nan sant lan
4) Ni ansyèn jwez, ni jwez ki nan Sant lan, ni paran yo dwe kolabore nan ankèt la
5) Oganizasyon feminis yo dwe swiv dosye sila deprè ak anpil vigilans
Yon jou l ap jou pou tout pitit peyi a, lè sa yo p ap gade sou sèks ou pou yo abize w, men se sou
kapasite w. Pou jou sa rive, se nou tout ki pou mete men pou n fouke magouyè


Jesula BLANC
Kòdonatris, PJNE

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *