google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screen Shot 2020 03 26 at 12.29.20 PM
© %author%

Source photo : www.santeinc.com

Nòt pou laprès òganizasyon fanm nan Latibonit

Nou menm òganizasyon Fanm ki nan Latibonit, nou soti nan silans nou jodi a pou’n lanse yon apèl ak konsyans tout otorite nan peyi Dayiti sou maswife pèp la ap monte depi kèk tan e ki vin pirèd chak jou.

Yon pèp ki san defans, ki san espwa nan yon peyi kote pa gen anyen kap mache se grangou, lavi chè, chomaj, blakawout, ensekirite, lamizè kap taye banda. Pèp la pa ka achte anyen nan mache, kote manje nan chodyè se liks nan anpil fanmi, san konte genyen kap pase konbyen jou san yo pa ka bay pitit yo menm yon mòso pen chèch. Pèp la paka jwenn laswenyaj, li pa jwenn levasyon, li pa jwenn dlo potab, anviwonman sal ak fatra, pousyè, elatriye. Nou fini pa wè peyi a pap dirije. Ayiti tankou yon machin kap kouri san chofè san limyè. 

Devan sitiyasyon malouk sa a pèp la dil bouke,  li pran lari pou’l revandike dwa’l, li fè manifestasyon, li fè sitin, li fè grèv men nou menm otorite yo nou pa tande nou pa wè paske se tete nap tete, piye nap piye, volè nap volè, gaspiye nap gaspiye lajan èd ak lajan taks pèp la ; se jwi nap jwi, nap friz nou nan paradi ak fanmi nou pandan ke pèp la, nou gen responsalite dirije a, nou mete’l ap griye nan yon lanfè 

Pèp la ap soufri. Fè nwa blayi sou tout peyi a, nou pa menm konnen lè gen kouran. Sa ki pi tris la, menm edikasyon orabè yap bay pitit pèp la, se krèv kè, nou pa rive ka pran chimen pou nou jwenn li sou pretèks pa gen gaz. Nou tèlman pap kite anyen pou pèp menm ti moso ledikasyon kite rete pou pitit nou yo retirel nan men nou paske kounya avan revandikasyon ap fèt se fèmen yo mande pou fèmen pòt lekòl.

Nou konprann wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak pèp se rete nou rete nou wè nou kote nou ye a. Men menm si memwa nou kout, pafwa nou menm panse se nan laboujwazi malpwòp la nou soti. Podyab ti pèp la, li te panse li ta pral rale yon souf, men lèl gade li wè se souf li kap koupe.

Nou fin dechèpiye lajan Petwo karibe a, pèp ap gade nou, malgre tout revandikasyon nou ret byen vag, nou genlè panse match lage? Match la poko fini tande, gen jwè kap chofe. An! kounya gen yon swadizan di pa gen gaz, alòske tout zafè nou ap fonksyone?

Antouka pèp la ap mare sentil poul di sa se twòp atò. Yon sèl mo dòd chat konnen rat konnen Prezidan Jovenel Moïse si ou pa kapab pran desizyon ou dwe pran retire kòw tou dousman ak tout akolit ti lolit gwo trip ou yo.

Nap pwofite mande popilsyon an pou yo pran konsyans e reflechi 3 fwa lè gen eleksyon paske anpil nan nou patisipe nan sa kap pase nan peyi a paske nou te vote mal. Ebyen jounen jodia nap rekòlte sa nou te simen, nou bezwen pran nòt poun change fizi nou zepòl. Sa se pozisyon òganizasyon fanm ki nan depatman Latibonit.


Oganizasyon ki siyen nòt sa :

COFA, Collectif Femmes de l’Artibonite
OFSA, Organisation des Femmes Solidaires de l’Artibonite
GFAG, Groupe Femmes en Action des Gonaïves
POFACGO. Plateforme d’Organisation de Femmes pour l’Avancement de la Commune des Gonaïves.
AFSGM . Association des Femmes Solidaires de Gros Morne.
AFAGM. Association des Femmes en Action de Gros Morne.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *