google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
1575743505
© %author%

Nòt pou laprès

Òganizasyon Vizyon pou Moun Andikape an Ayiti (VIPHA-Haïti) retire chapo l desann li byen ba pou l salye kouraj ak detèminasyon moun andikape k ap viv nan kat kwen peyi a k ap degaje yo pou yo jwenn meyè fason pou yo viv chak jou.

Nan kad jounen entènasyonal dwa moun andikape yo VIPHA-Haïti ap felisite tout òganizasyon k ap evolye nan sektè sa nan lide pou defann dwa moun sa yo ki pa sispann bafwe 24/24. Nan sans sa VIPHA-Haïti kwè se moman ki pi ijan pou l raple zotobre yo kisa lalwa di sou kèk aspè byen presi nan kad pwoteksyon dwa moun andikape yo nan Lwa 13 mas 2012 sou Entegrasyon Moun Andikape yo:


1- Nan atik 3 a, yo entèdi tout pawòl diskriminasyon, tout kominikasyon piblik ki gen pawòl, opinyon avilisan vizavi moun andikape yo. Malgre sa nan peyi pa nou, moun yo toujou ap itilize kèk tèm ki rabese egzisyon manm sektè sa kòm moun tankou tout moun tankou Kokobe, chòti, je Pete, bout men, bout pye ak soudè pou idantifye yon moun k ap viv ak yon defisyans. Konpòtman sa kontrè ak sa lalwa di. VIPHA-Haïti mande pou nou resezi nou. Si n bezwen idantifye yon moun k ap viv ak yon defisyans, cheche konnen non l dabò epi pale de li answit; 


2- Atik 14 la di Leta dwe anpeche nenpòt mwayen moun ap itilize pou fè gwo bri nan zòrèy moun pou evite plis moun soud nan sosyete a; 


3- Nan atik 26 ak 27, lwa pale sou fason konstriksyon yo ap fèt, yo dwe aksesib a moun andikape yo, sonje mete ranp ak nenpot lot mwayen k ap rann sikilasyon moun andikape yo pisib; 


4- Lang siy enpòtan anpil pou ede moun ki pa tande yo konprann sa k ap pase nan sosyete a, nan jounal yo, nan lopital yo, nan tribinal yo, nan bank yo, nan legliz yo, nan lekòl yo ak nan biznis yo dwe gen moun ki la pou enteprete langaj siy pou fasilite aksè moun soud yo, se sa atik 51 rive nan 68 lwa 13 mas 2012 la fè konnen. 


Se sa k fè VIPHA-Haïti raple enpòtans sa genyen pou n viv ak egzistans kategori moun sa yo nan lavi nou sitou nan peryòd difisil n ap travèse la yo. 


Eske w te konn lè katouch ap tire, moun soud yo paka tande bri bal? 


Ebyen pa kritike yo si w ta wè yo ap soti nan lari a malgre katouch ap tire, rele yo pito fè yo tounen lakay yo konsa wap ede yo pwoteje lavi yo. 


Nan jounen sa pran tan pou w reflechi sou ki fason ki pi bon ou kapab aji nan lide pou ou ede moun kap viv ak defisyans yo. 


Men pi bon fason an se lè w rele yo pa non yo e non pa pa defisyans yo genyen an. 


VIPHA-Haïti ap kontinye kore moun andikape yo ansanm ak tout moun ki pa andikape ki deside pote apwi a sektè sa. 


Sonje sa chak moun ki byen pòtan jodi a kapab vin andikape nenpòt ki lè.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *