google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210923 WA0022
© %author%

RAMSA yon òganizasyon kap defann « Madan Sara »

Madan Sara se manman sektè ekonomik peyi Dayiti, yo reprezante 85 % sektè enfòmèl la. Malerezman, yo bliye yo, yo neglije yo. Alòske yo gen dwa, bezwen ak reskonsablite  menm jan ak tout moun nan sosyete a.

Rasanbleman Madan Sara (RAMSA) se yon òganizasyon ki te pran nesans 10 desanm nan lane 2018, nan lide pou yo kleyonnen tout kalamite sektè sa a ap pase nan peyi a. Yo te fè yon kout pye nan Dofen News, kote yo te fè yon rale mennen vini sou reyalite Madan Sara nan peyi a.

Depi lontan Madan Sara ap pase tray, pwonmennen ak machandiz sou tèt yo anba flanm solèy la. Lè yo sou tèt kamyon lapli mouye yo, solèy cheche yo. Tout sa, pou yo bay lamanjay lakay yo epi okipe timoun, voye lekòl. Men pèsonn pa janm pran defans yo vre, pou wè kòman yo te ka chanje sitiyasyon yo. RAMSA òganizasyon ap defann dwa machann sa yo, non sèlman paske li enpòtan pou yo, men tou paske yo se desandan yo. Prezidant lan ki se Jocelyne Jean-Louis vann twal an gwo, an detay. Li se sekretè jeneral asosyasyon Machann Twal nan Kwabosal. Li fè konnen li se 5e jenerasyon Madan Sara nan fanmi li.

Li rakonte: « Madan Sara yo gen 200 lane depi yo egziste, se yo ki bay reprezantan nou yo soti nan Azèk jouk rive Prezidan. Se chèche lavi pou bay lavi. Yo sòti nan mòn rive nan vil lan pou yo vann pwodui agrikòl yo ».

Tout medam ki nan tèt regwoupman sila, gran grann yo, grann yo ak manman yo te Madan Sara.
Yo menm yo pi byen plase pou pale pou yo, menmsi nou konnen enstans konsène nan peyi a ta dwe akonpanye tout sektè san fòs kote. Medam sa yo, tout se Machann, sa nou rele « Antreprenè » nan langaj moun save yo. Se yo menm ki pwodui sa yo vann yo. Gras ak jefò manman yo, yo rive gen tout kalite metye. Tankou Richemond Marie Saunia responsab kiltirèl RAMSA, li se yon antreprenèz, li fè Chiktay pou vann. Myriam P. Magloire se Avokat, li vann tout kalite pwodui. Dieula Noël konseyè RAMSA li gen boutik, li vann toute kalite pwodui.

Nan chita pale a, Prezidant asosyasyon an te espoze tout pwoblèm ijan Madan Sara yo, tankou : yo bezwen yon mache modèn, ki gen ladann sant sante, yo bezwen aprann li pou yo pa siyen kondanasyon yo, yo bezwen fòmasyon, yo bezwen sekirite paske yo viktim twòp kadejak travayè kamyon yo fè sou yo, yo bezwen mwayen transpò yo chanje.

Konseyè mouvman an ki se Dieula Noël, pale ak otorite yo, ki daprè li menm ta dwe pran an chaj sektè sa, yo bliye a. Yo ta dwe pran responsabilite yo. Li pale ak tout ministè tankou, Ministè
Sante Piblik, pou bay machann yo laswenyay, Ministè kondisyon Fanm pou defann dwa medam yo ki foule anba pye, Ministè Edikasyon Nasyonal pou sibvansyon. Jiskounya yo pa ta ko pare pou lekòl timoun yo.

Daprè Dieula : « machann yo pa janm rive sanble kòb menm pou yo achte sèkèy lè yo mouri, yo toujou vann ak sandal nan pye yo. Pou yo prete lajan se tout on istwa, prè a pa rive sou yo, se lòt moun ki jwenn li pou 20 an, 30 an, elatriye. An 2019 nan Palè Nasyonal, prezidan Jovenel Moïse te resevwa nou, li te di « si n ap ba yo 200 dola ba yo li non pou yo ka bouyi ti komès la ». Pou jounen jodya nou pa janm jwenn anyen ».

Medam yo plenyen anpil paske, yon enstitityon tankou « ONA Fanm » pa janm vire je gade yo. Lè machandiz yo boule nan mache yo, yo pa janm jwenn èd vre.

Kominote sa viktim anpil diskriminasyon tou nan peyi an, medam yo fè konnen yo fè yo sèvi jouman. Alòske sete yon etranje kite rele Sara ki te konn ap voyaje non on peyi pou l ale nan yon lòt, pou l al vann. Se depi lè sa yo tou rele machann an Ayiti k ap sòti an pwovens pou al lavil oubyen Pòtoprens sou tèt kamyon, sou do chwal ak bourik, a pye pou yo al vann nan mache konsa. Ti zwazo jòn ki konn regwoupe yo ansanm lan pou al chèche manje se konsa yo rele yo tou. Men yo pote non syantyfik kise (Passereaux). Gen istoryen ki di sete on etranje ki te antre an Ayiti ak zwazo sa a . Li te rele Sara se sak fè yo te tou bay Zwazo jòn sa yo non Madan Sara.

Oganizasyon RAMSA nan 4 kwen peyi a ap fè yon kokenchenn travay paske se sektè sa ki apwovisyone tout mache ak tout makèt ak pwodui agrikòl yo tankou bannann, pwa, diri, fri, legim elatriye. Kidonk, yo nouri tout yon peyi, yo pote sektè ekonomik lan sou do yo.

Antite sa a, fè sa otorite yo ta dwe fè pou machann yo. Li fè fòmasyon pou yo, chèche prè pou yo, fè fwa avèk yo jan reskonsab kiltirèl la fè konnen.

Mèt Magloire se reskonsab relasyon piblik lan. Li fè konnen sitiyasyon wout Matisan paralize Madan Sara yo anpil. Machandiz ki sot nan gran sid yo pouri paske yo paka antre Pòtoprens avèk yo.
Pou li tout moun gen orijin yo nan Madan Sara, manman pa li, se sa li te ye. Kidonk li fè konnen tout soyete a ta dwe panche sou pwoblèm kategori sa.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *