google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Source de la photo Blog de Jean Marie Altema
© %author%

Teknoloji pa gen sèks, fanm yo pa enfèryè !

8 mas dekrete jounen entènasyonal fanm sou latè pa . Si lontan anpil metye te rezève a gason, jounen jodi a, tandans la montre ke medam yo entegre tou metye ki gen rapò ak syans ak teknoloji. Nou jwenn anpil jèn fi ki aprann enjenyè nan domèn teknoloji.

8 mas dekrete jounen entènasyonal fanm sou latè pa . Si lontan anpil metye te rezève a gason, jounen jodi a, tandans la montre ke medam yo entegre tou metye ki gen rapò ak syans ak teknoloji. Nou jwenn anpil jèn fi ki aprann enjenyè nan domèn teknoloji. Teknoloji, yon zouti pou entegrasyonSelon estatistik yo, medam yo reprezante 52% nan mitan moun k ap viv an Ayiti. Zouti sa yo pèmèt moun aprann viv, kominike, etidye, travay, fè biznis  yon lòt jan. Yo se gwo zam pou moun ki vle mete bèt sou yo san yo pa deplase. Gras ak teknoloji, medam yo kapab pataje enfòmasyon yonn ak lòt, fè biznis, kominike. An menm tan tou, teknoloji kapab ede vwa medam yo ale pi lwen. Kèk pwoblèm fanm rankontreSan m pa site tout, medam yo gen pwoblèm aksè a edikasyon. Si nan yon kay gen 3 oswa 4 timoun, si gen yonn ki pou pa al lekòl se ti fi a l ap ye. Yo gen obligasyon kay sou kont yo. Sa vin anpeche yo al aprann yon metye teknik. Yo toujou di metye sa pa pou tifi. Anpil fanm pa gen aksè ak teknoloji. Fanm k ap viv pi lwen vil yo, nan zòn riral yo preske pa konn sèvi ak zouti teknoloji. Si se pa enfrastrikti yo ki pa rive kote y ap viv la, se lajan pou peye sèvis yo ki twòp. Selon estatistik yo fanm yo gen mwens pase 21% chans pou yo gen yon telefòn selilè ke yon gason. Fanm ki aprann teknoloji yo gen gwo pwoblèm pou yo rive okipe yon gwo plas nan yon enstitisyon. Ou ka konte sou dwèt ou kantite fanm ki rive enpoze yo nan pòs direksyon nan sektè sa. Anpil fwa, chwa sa pa fèt sou konpetans. Sa vin fè medam yo dekouraje. Lè yo nan ekip teknik k ap travay ak gason, se nan anpil batay pou yo rekonèt kapasite yo. Anpil fwa yo ba yo fè travay ki pa gen twòp rapò ak teknik menm lè yo gen kapasite pou sa. Yo konn ba yo sezi done, fè resepsyonis, fè swivi ak kliyan. Men gwo travay yo rete pou gason. Yo pa touche menm valè lajan. Opòtinite pou fanm yoKòmanse gen plis fanm k ap travay nan domèn teknoloji yo. Yo aprann metye sa pou yo jwenn mwayen pou yo viv epi ede fanmi yo. Gen kèk gwo fanm ki te rive fè gwo zèv nan domèn sa. Genyen ki ede monte gwo sistèm teknoloji tankou Rose Carline Cadet, yon fanm Lenbe (Nò peyi a) ki te travay tankou pou mete rezo fib optik ak monte Ti Telefòn 2004 kanpe nan Teleco.  Anpil travay fèt, anpil angajman pran pou fanm yo gen plas yo nan sektè teknik lan. Medam ki gen aksè ak teknoloji yo plis emansipe. Fanm nan tout sektè ka itilize teknoloji pou fè biznis pi byen. Koutiryè ka itilize teknoloji pou voye foto modèl rad bay kliyan yo. Machann legim ka kontakte kliyan yo pou konn sa yo bezwen. Atizan fanm ka fè galri foto pou montre zèv yo reyalize. Yon fanm ki oblije ret nan kay ka aprann anpil bagay sou entènèt. KonklizyonDapre yon etid UNESCO (ajans nasyonzini pou edikasyon, lasyans ak lakilti) nan peyi Amerik latin ak Karayib yo, yo jwenn fanm k ap diplome nan domèn enfòmatik yo bese de 2 a 10% nan lane 2000 yo.  8 mas pa dwe rete yon jounen nan levid. Fòk bon jan angajman pran pou devlope politik ki vize aksè a zouti, sèvis tout kote pou pèmèt medam yo fè pwomosyon biznis yo. Dwe gen pwogram fòmasyon nan teknoloji pou fanm riral yo. Depi kounye a, jèn tifi yo dwe konn manyen zouti teknoloji yo. Se depi nan klas primè ak segondè pou wete konplèks ke fanm pa ka aprann metye teknik lan. Pwoblèm sa vinn fè medam yo, pou sa ki kapab, sèvi sèlman ak zouti yo men yo pa patisipe nan kreye solisyon ki pou reponn ak bezwen yo. Dwe gen plis aksan sou pwoteksyon kò ak karaktè fanm yo sou entènèt ak rezo sosyal yo. Se pou fanm yo jwenn sipò pou fè biznis nan sektè teknoloji ak ankourajman pou fè inovasyon.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *