Ekriven 82 lane a resevwa rekonpans sa pou travay li fè sou rasin, elwayman ak kontrent kolektif nou jwenn nan memwa pèsonèl moun. Se konsa jiri a te jistifye chwa ekriven an. Pou jan li ekri ak pisans, pou jan li anprann konnen tèt li nan fason li ekri, jiri yo rive konpare madanm an ak ekriven Marcel Proust.
Sou 329 non ki te rive nan akademi Stockholm nan, apre tout tiyaj, akademi an te kenbe 5 non. Annie abitye resevwa pri deja. An 2021, yo te rekonpanse li pou yon woman li ekri sou lavi li. Landan, li pale de entèripsyon volontè gwosès li an 1960 alòske li te etidyan nan inivèsite.
Depi apre li te fin pibliye premye zèv li « Armoires vides », Annie pa bouke resevwa rekonpans pasi pala. Nan zèv « Armoires vides » la, ekriven an te gentan pale de avòtman li an, men li pa t di si se li ki te fè li.
Akademi nobèl la resevwa anpil kritik paske depi egzistans yo, yo bay 101 gason pri nobèl literati a, poutan yo bay sèlman 17 fanm pri sa deja. Kounye a, sa fè senk (5) lane depi akademi an ap altène pri sa ant gason ak fi. De (2) dènye medam ki te onore ak pri sa se amerikèn Louise Glück (an 2020) ak polonèz Olga Tokarczuk (an 2018).
You may also like
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées
-
France : yon sondaj montre anpil fransè estime Marine Le Pen gen kalite pou li vin prezidan peyi a
-
Espagne : la majorité des championnes du monde refusent de retourner en sélection