google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
2326544 symbole du feminisme poing souleve girl power logo pour le mouvement feministe illustrationle gratuit vectoriel
© %author%

Ayiti : Yon rezo plis pase 250 000 fanm leve vwa yo pou yon pi bon sosyete

« Alyans rezo ak platfòm fanm yo pou patisipasyon politik ak pou lidèchip fanm » gen ladan plis pase 250 000 fanm ki epapiye nan dis (10) depatman peyi nou an. Yo leve vwa yo jounen 9 oktòb 2022 a pou egzije retablisman yon sosyete ki bati plis sou baz konfyans.

Apre yo fin prezante tèt yo kòm pitit peyi a, yo montre alyans sa pa chita sou prejije : kit yo ap viv isit, kit yo ap viv nan dyaspora a, kit yo se ouvriyèz, kòmèsant, gran fanm, e nenpòt ki pati politik ak ideyoloji yo ta adopte, yo pran angajman pou yo regwoupe yo ansanm anba alyans sa, epi mande plis konfyans nan sosyete a.

Medam sa yo pran rezolisyon sa an favè yon Ayiti ki pi bon, yon Ayiti ki gen bon sitwayen, sitwayen ki renmen peyi a e ki kwè nan pwoteje eritaj zansèt nou yo ki te sakrifye tèt yo, ki te montre jan yo brav, tout sa, pa pou pwòp glwa yo, men pou tout yon pèp. Tout fyète sa pa anpeche medam yo kwè kondisyon ekonomik fè peyi a klase pami sila yo ki pi mal nan mond lan. Medam yo remake gen yon pati nan lopinyon piblik la ki rete kwè gouvènman peyi a gen responsabilite li nan pwoblèm yo. Fè eleksyon ak pran kontwòl peyi a se de (2) bagay medam yo kwè ki enpòtan, men selon yo, se sekirite a ki pou retabli avan tout sa yo.

Apre yo fin reflechi sou tout pwen sa yo, ap gen yon solisyon ki ap mete tout moun dakò :
« Pri gaz la ki ogmante nan lari a, epi sibvansyon an gouvènman an anile a, politik piblik yo ki fèb ki koz 80% popilasyon an pòv anpil, enflasyon an ki monte a 30%, mank volonte ak enterè ki koz pa gen bon dyalòg ki fèt, degradasyon imaj fanm yo chak jou pi plis epi silans otorite yo sou koze sa, feblès Leta fas ak kolera a ki vle tounen epi feblès Leta ki mande èd entènasyonal paske li paka konbat gang » se kèk pami konsiderasyon medam yo mete sou tab la.

Lè yo fin konsidere tout pwen sa yo ak kèk lòt, yo egzije kèk bagay.
« Se pou lapè reye ankò sou Ayiti, pou touris ak biznisman kapab vini, konsa tout ayisyen ap fyè, se pou aktè politik kou sosyal mete fòs yo pou yo elimine gang k ap komèt krim nan peyi a, se pou yon dyalòg kòmanse touswit ak tout pitit nasyon an ak asistan kominote entènasyonal la, se pou yon gouvènman ijans mete sou pye rapid vit ak yon manda fiks e ak twa (3) misyon prensipal : dezame gang yo pou mete sekirite nan peyi a, jere afè kouran yo tankou kolera a ki vle tounen an epi fè tout sa k dwe fèt pou gen eleksyon lib ki fèt nan peyi a ».

Manm alyans sa yo angaje tèt yo kòm volontè k ap akonpaye dyalòg ayisyen nan mobilize aktè yo, nan sansibilize polipasyon an sou enpòtans yon chita pale. Yo mize sou rezo fanm yo genyen ki nan tout kwen peyi a pou yo ede nan travay la, konsa y ap fasilite pwosesis la epi ede nan pwodiksyon kontni pou chita pale sa ka posib.

Genyen onz (11) fanm ki reprezante pou pi piti yon òganizasyon oubyen yon rezo fanm, epi ki poze siyati yo anba nòt sa tankou Marie Ganette Galiotte, Maryse Jumelle, Marie Roselore Aubourg, Sheilla Clergé, Eunide Innocent, Novia Augustin, Marie Yolène Philippeaux S., Evelyne B. Chéron, Yolette Mingual, Edeline Vertus ak Carline Saintil.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *