google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
photo Erick Tremblay 1080x675 1
© %author%

Photo d'illustration - Source : google search

Banm ba nou yon ti ide de konbit!

Konbit se lè entèl pote pwa, entèl pote diri, entèl pote lwil, yon lòt pot kondiman epi nou kwit manje a. Se yon tèt ansanm ki pou pote yon rezilta tou nèf.

Ide konbit la va pi klè pou nou youn chak lè nou va konprann ke moun ki te gen ide kwit manje a pa pi sipiryè ke moun ki pote sipò yo. Lè nou tout kolabore pou konsolide yon bèl projè se pa mèt lide a ki bèl, se nou tout ki bèl.

Chak jou Bondye mete, nou sipoze aprann renmen yon lòt pou bon volontel, kore yon lòt pou siksè l ki va fè siksè nou tout. Paske depi youn bèl se nou tout ki va bèl. Nou sipoze aprann pa detwi efò yon lòt paske se pa tout moun ki gen kouraj fè sakrifis pou komitel. Nou sipoze aprann entegre youn lòt ak kalite oswa defo kel ka genyen paske sosyete a bezwen nou tout. Zafè fè konbit pou nou kraze yon lòt poum met tèt pam pito a sipoze fini nan ti zile sila.

Nan menm koze konbit la mta renmen konnen kiyès kap gen kouraj poul kase kou poul la ?

Nan sam te fè, se kenbe de zèl poul la, kabre koul pa dèyè, deplimen anba gòjèt li epi pete fyèl li. Tout pour la communauté. Miam miam. Que de sacrifice.

Se jis yon fason poum demontre nou ke moun kap kwit diri a ak moun kap plimen poul la pa diferan nan valè yo. Se nou tout ki pot sipò nan jan nou kapab, nan kouraj ke nou genyen. E konsa sa va mennen nou sou wout siksè ki va fè bonè nou tout.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *