google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20201021 WA0003
© %author%

Kiyès ki Nathalie Joachim?

Nathalie Joachim se yon atis ayisyen-ameriken ki fèt Bwouklin nan Nouyòk. Li etidye mizik nan inivèsite Juilliard e li ap fè metriz li nan inivèsite The new school pou prodiksyon estidyo nan Etazini. Nan dat janvye 2020, li pral resevwa pou premye fwa yon nominasyon pou albòm solo ke li konpoze ki rele « Fanm d’Ayiti » nan edisyon Grammy Awards nan eta kalifòni.

Nan yon asosyasyon avèk St Paul Chamber Orchestra’s Liquid music series, li pwodui yon seri mizik klasik kote li ap rann yon omaj ak anpil atis fanm nan peyi Dayiti ki pa ase jwenn rekonesans daprè li menm. Nap jwenn pami yo tou « Toto Bissainthe ». Li pwofite selebre eritaj kiltirèl li kote nan plizyè chante, nap jwenn vwa grann ni ki rele « Ipheta Fortuma ».

IMG 20201021 WA0004
Kiyès ki Nathalie Joachim? 5

Nan albòm nan nap jwenn chante sa yo : 1- Manmanm voye m peze kafe 2- Lanmizè pa dous 3- Papa loco 4- Suite pou d’antan nan prelid la.Avèk Allison Loggins-Hill li fonde sa yo rele « Flutronix » la kote yo remodelize son flit la e yo rantre l pami son nou jwenn nan mizik popilè yo. Yo kolabore ak yon pakèt atis tankou Skybeats.

Nathalie Joachim konpoze anpil son ak seri pawòl pou mizisyen ni pou pyès teyat. Li jwe anpil kote tankou Etazini, Japon ak anpil peyi nan Ewòp.Li fè kou pou timoun tout laj ak tout nivo talan. Li ap fè kou tou nan inivèsite Juilliard.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *