Jodi a m te rankontre ak Jovenel Moïse, prezidan pèp ayisyen an te vote pou li a nan eleksyon demokratik. Pandan rankont sa a, prezidan an pale de angajman li pou l satisfè bezwen ijan popilasyon an genyen, pou l fè pwomosyon pou pwosperite ekonomik e pou l prepare yon demen miyò pou tout ayisyen. Nan angajman pa m bò kote lòt aktè politik yo ak lòt aktè ekonomik yo m te repale sou nesesite prese prese pou ankadre enstitisyon leta ayisyen yo.
Yon gouvènman k ap bay rezilta tout bon vre dwe:
- Konbat koripsyon;
- Li dwe mennen ankèt sou moun ki koupab vyolasyon dwa moun e li dwe pousuiv moun sa yo lajistis, san li pa bliye moun ki responsab zak sasinay ki fèt nan Lasalin ak Belè; ak
- Mete sou sa, yon gouvènman k ap bay rezilta toutbonvre dwe konbat ni dilè dwòg ni moun k ap vann moun parèy yo.
Prezidan Moïse ansanm ak lòt lidè ki, yo menm tou, te pase nan eleksyon demokratik, gen responsablite pou yo chita ansanm, pou yo mete tout divèjans yo sou kote e pou yo jwenn yon solisyon ki pa ekate pèsonn e ki nan avantaj pèp ayisyen an. Peyi Etazini pare pou ba yo akonpayman nan sans sa a. M kite Ayiti ak espwa y ap jwenn mwayen pou yo leve defi sa a.
You may also like
-
Jeanne-Elsa Chéry présente son premier recueil de poèmes « Lib e libè, tous en libres »
-
Etats-Unis-IVLP : la journaliste Sheilla Angelique Louis nominée
-
Le film « N ap Boule » continue de marquer les esprits
-
Ligue des nations féminine : deux arbitres haïtiennes sélectionnées
-
Journée internationale pour le droit à l’avortement : Nègès Mawon dévoile le calendrier de ses activités