Jèn fi 20 lane a, Jean Félix Raymonica, te gentan reyisi pou li al fè filo, men li pran yon bal mawon nan jounen 1e oktòb 2022 a, bò lakay li, Fontamara 27. Se gè gang ki koz li pèdi lavi li.
Nan jounen 1e oktòb la, gang yo t ap tire youn sou lòt ant zòn Fontamara ak Matisan. Sa lakòz jèn fi a mouri. Se yon avni anplis ki gache, lè nou aprann Jean Félix Raymonica te gentan pare pou li al chita nan klas filo pandan ane eskolè sa.
Viktim nan te gen sèlman 20 lane sou tèt li, lè bal mawon sa te pran li nan do, samdi 1e oktòb 2022 a.

Nan yon foto li te fè avan zak sa, nou wè viktim nan ak vizaj li byen inosan, chou li byen rale nan tèt li, foula li byen chita sou inifòm batayon legliz li, epi li fikse kamera a ak yon rega ki montre li te anvi viv.
Se pa premye fwa bal mawon ap mete dlo nan je fanmi yo an Ayiti. Nan menm gè gang sa yo, anpil sitwayen pèdi lavi yo san rezon. Genyen ki konn menm viktim pandan yo andedan lakay yo.
You may also like
-
Journée internationale pour le droit à l’avortement : Nègès Mawon dévoile le calendrier de ses activités
-
Eliminatoires Gold Cup : 16 Grenadières déjà au rassemblement
-
Qui est Wideline Pierre, la seule femme des 9 personnalités haïtiennes interdites de fouler le sol dominicain ?
-
Des artistes haïtiennes se positionnent en faveur de la construction du canal sur la rivière Massacre
-
La chanteuse Mickael Marabou signe avec le label américain Strawberry Hill Records