google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20220323 WA0042
© %author%

Epi Boom : Natacha Lafontant soti yon mizik an kolaborasyon ak Manno Farinen

Anpil Ayisyen leve ak gwo sezisman lè yo monte sou nèt la epi boom yo tonbe sou nouvo mizik sa ki soti avan yè lendi 21 mas la, ki rele « Ou fè kèm Poze » ki dire 4’56 » kote se Natacha Lafontant « Zuzu a » k ap depoze ansanm ak Manno Farinen.

Natacha Lafontant nou tout konnen sou non Zuzu a ki toujou ap fè pale de li sou Tiktok ak IG, swa nan konsèy l ap bay oubyen nan fason l ap danse, nan bay blag enben deside chante kounya e soti on mizik ak Manno Farinen ki se  » Ou fè Kèm Poze ».

Daprè kèk komantè nou ka li, anpil moun t ap ri, di mezanmi nou mele lè yo wè non Zuzu a nan featuring epi tout moun pral met men nan tèt nan 1’19’’ nan videyo a lè Zuzu a komanse chante pou jan l antre e depoze vwa l sou mizik la avèk pwofesyonalis, e la sezisman tout moun vin pi rèd.

On mizik ki komanse siw mete zorèy ou bien pou w tande ak on ti kal zouk pou jan Manno Farinen komanse a, ki bay on ti kal nan vwa Jim Rama tou piti.

Zuzu a ki pa sispann epate moun nan mizik « Ou fè kèm Poze » a gon jan li fè visaj li nan pati « Je veux que tu sois près de moi » montre nouvèl atis HMI la gen kapasite jere espresyon sa l vle fè soti yo.

Se on tèks ki fè soti lanmou, tandrès, afeksyon epi bonè on moun gen pou on lòt, ki tou se on melanj de 2 lang kreyòll epi franse. On tèks piblik la montre yo apresye daprè plis pase 800 komantè nou te li sou YouTube.

Anpil moun felisite Natacha Lafontant pou mizik la ki daprè yo se on bèl travay atis la fè paske yo pat janm panse yon jou nan vi yo yo tap wè Zuzu a soti on mizik tout bon ki fè pèp la plezi.

N ap ajoute son videyo « Ou fè kèm Poze » a tout moun ka gade l menm si Natacha fè ti bo ladann epi danse nan mòd jan nou konn ap gade l k ap danse swa sou Tiktok oubyen IG yo.

Eske nouvèl atis HMI la ap tou lanse on karyè chantèz aprè feedback pozitif sa li jwenn sou mizik la ou byen se yon sèl la lap annik chante epi bay vag?
Antouka n ap swiv…

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *