Brigitte Macron, premye dam repiblik France lan deklare li pa konn anyen sou modalite refòm gouvènman an, jodi 25 janvye 2023 a, pandan l t ap pale sou medya fransè RTL. Poutan avan sa li te fè gwo kòmantè sou menm dosye retrèt sa nan medya TF1.
Pou rapèl, dosye retrèt sa te mennen plizyè milye senpatizan nan lari 19 janvye 2023 a, sou apèl sendika travayè yo, pou konteste laj retrèt la, ki te 62 lane, e ki sou wout pou li pase a 64 lane, selon gouvènman fransè a.
« Jèn yo di m, de tout fason, yo p ap gen retrèt. Mwen reponn yo tout mizanplas deja fèt pou yo gen retrèt » selon Brigitte Macron, 9 janvye 2023, nan jounal 20è sou TF1. Poutan, pandan l ap reponn kesyon sou RTL, 25 janvye a, li di li pa konn anyen sou modalite refòm retrèt la an reyalite.
Se vre Brigitte Macron gen yon kabinè, men li pa gen ni yon estati jiridik klè kou Klèwòz, ni yon salè, ni yon pòtfèy politik. Nan sans sa, an 2019, Brigitte te di devan près fransè a, « mwen pa gen ni gou, ni konpetans pou politik ».
Nan kòmansman ane a, yon lòt priz pawòl te lakòz Brigitte jennen gouvènman an. Li te pote soutyen li ak pwojè pou elèv lekòl yo pote inifòm olye de nenpòt rad, poutan minis edikasyon gouvènman an, li menm, pa t dakò ak koze inifòm sa, e tout moun te konnen sa.
« Inifòm nan efase diferans yo, li pèmèt moun yo pa pèdi tan nan chèche ki rad pou elèv yo mete le maten, e li pèmèt moun yo ekonomize lajan pa rapò a diferan mak rad » selon Brigitte Macron, nan kolòn medya Parisien.
Dosye sa te jennen manm gouvènman an, men malgre sa, yo te blije defann premye dam nan, nan montre posibilite ki genyen pou chak moun bay opinyon yo aklè, san gade nan ki pati yo ye.
You may also like
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes