google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screen Shot 2020 04 01 at 8.30.00 PM
© %author%

Source photo google search

Kot lòt mwatye popilasyon an? Kot medam yo? Ki fanm ki prè pou dirije pwochen gouvènman an?

Jodi ya anpil moun ap pale de pwofil moun ki pral dirije pwochen gouvènman an. Genyen ki pa pase kwochi pou yo di klèman ke se yon gason selman ki ka rezoud pwoblem peyi ya. Kote medam yo? Eske pa gen fanm ki gen konpetans ak kouraj pou pran pòs la? Eske yon lòt fwa ankò lòt mwatye popilasyon an deyò nan deba yo?

Nou pa ka pale de devlopman dirab epi lot mwatye population an pa patisipe, nou paka pale de kreyasyon richès ak anplwa epi pou lot mwatye popilasyon an pa ladan, nou paka pale de estabilite, amelyorasyon lavi moun epi pou lot mwatye population an kanpe lwen ap gade. Nou paka ap pale de sektè prive ekonomik epi pou lot mwatye popilasyon an paka chita bò tab la nan pou diskite kòm sadwa…

Ki fanm ki prè pou dirije pwochen gouvènman an?
Gen ijans pou nou rankontre medam, 
Gen ijans pou nou chita ansanm,
Gen ijans pou nou fè konsansis,
Gen ijans pou nou konprann ke enstabilite peyi a se enstabilite lavi pèsonèl nou, lavi pitit nou, lavi tout yon nasyon,
Gen ijans pou nou chita pale e prepare pwofil fanm ki ka dirije pwochen gouvènman an,
Gen ijans pou nou egzije prezans nou nan gwo ak ti rankont, si nou pa la tout sa kap di se aspè global yo kap diskite, se pwopozisyon global yap kenbe, nou konnen deja ke solisyon global yo pa pran kondisyon lavi nou an konsiderasyon. Kidonk fòk nou la.

Fanm te toujou angaje nan tout gwo batay ke peyi a konnen. Se pa jodi a n ap vin chita tann yo pote ba nou, nou te toujou angaje e nap toujou angaje. Gen fanm ki kapab dirije pwochen gouvènman an; gen fanm ki kapab nan tout pòs yo. Se pou yo sispann pran fanm ki pa kapab, mete nan pozisyon, aprè pou yo di gad sa nou fè… 

Fok nou egzije ke se fanm ki kapab ki al reprezante nou. E nap egzije sa.

Yon sèl jan pou nou rive jwen sa : se solidarite, se ansanm pou nou mete, paske fòmil lan pa chanje.

“Pou kò n yo pap wè n. Ansanm n-ap anvayi yo.”

Tchenbe rèd pa moli.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *