google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screen Shot 2020 04 06 at 6.08.24 AM
© %author%

Source photo minustah.unmissions.org

Lèt tou louvri fanm lidè pou gouvènman Moise-Ceant, lidè opozisyon yo ak popilasyon ayisyen an

Nou men’m Fanm lidè, nap salye tout popilasyon nan kat kwen Peyi Dayiti espesyalman Fanm vanyan ki toujou ap sibi tout problèm peyi a. Nou men’m, yon sikantèn Fanm lidè, nou deside pa rete bouch fèmen devan sitiyasyon tèt chaje kap evolye nan peyia.
Nou konnen lavi a di ak kesyon lavi chè, dola kap grenpe pye bwa, goud la kap pèdi valè, sechrès akòz lapli ki pa jan’m tonbe kote moun paka plante. Depi 7 fevrye manifestasyon toupatou, kawochou ap boule, moun ap blese, san ap koule. Nou men’m Fan

Nou mete tèt nou ansam pou fè yon apèl ak tout sekè ak tout fòs viv Peyi a pou pote yon solisyon prese prese ak gro kriz sa a kap toupizi tout pitit Nasyon an. 

Nap mande Gouvènman Moise Céant an:

  1. Fè tout efò pou desann ak estabilize pri pwodwi premye nesesite yo pou pèp la ka jwenn manje.
  2. Tabli sekirite pou tout pèp la ka vake ak okipasyon li pi patikilyèman pou ti machann yo kapab pran lari pou al chèche lavi pou pitit yo.
  3. Pou lekòl louvri prese prese pou pitit pèp la ale pran pen ledikasyon. 

Nap lanse yon vibran apèl ak opozisyon an. Nou tout se pitit tè Dayiti. Se antre nou, nou menm lidè opozysyon pou nou mete tèt ansanm pou pwopoze bonjan solisyon.  Se pou nou mete Pèp ayisyen ak Peyi Dayiti devan pou nou rezoud konfli yo. An nou mete divèjans nou de kote pou nou ka pote bonjan pwopozisyon pou nou chanje imaj peyi nou nan mond lan, e pou nou ka retounen fè listwas. 

Nap mande twa pouvwa Leta yo ak lidè opozisyon yo pou prese prese tabli yon dyalòg fran kote tout sektè politik, sektè prive, legliz yo, sektè peyizan, sektè fanm, jèn yo ak Dyaspora ka brase lide pou nou kapab rezoud pwoblèm peyi a tout bon vre yon fwa pou tout.  

Nou pwopoze Pouvwa Ekzekitif ak Pouvwa Lejislatif la pou envite otorite ak lidè sosyete sivil  nan Peyi Benin, kote nou Aysyen sòti, ak Peyi Rwanda pou pataje eksperyans yo nan zafè dyalog ak rekonsilyasyon. De Peyi Lafrik sa yo te gen gwo kriz lakay yo, pi gwo pwoblèm ke nou. Yo rezoud yo avèk dyalòg, ki fè jounen jodi ya yo gen estabilite politik ak lapè ki pèmèt yo mache sou wout pwogrè sosyal ak ekonomik.   

Nap profite mande popilasyon an kenbe kalm li. Lèw pran bal ou pran’l pou kont ou. Lèw blese ou pa menm gen lopital pou wou jwenn la swenyaj. Lèw mouri se Manman w ki gen tranche. Mete tèt nou ansanm nan katye nou, nan òganizasyon nou, nan baz nou pou nou ranfòse tèt nou, pou fè youn, pou yo tande vwa nou, revandikasyon nou ak pwopozisyon nou nan chita tande ki pou fèt la. Si Peyi Benin ak Peyi Rwanda ka fèl, nou Ayisyen ka fèl tou.  

Viv Ayiti.  Yon sèl drapo.   Yon sèl pèp.   

AYITI NOU RENMEN W ANPIL

Pou otantifikasyon

Gerda Bienaimé, Prezidan, Fédération des Femmes du Bas Artibonite (FEFBA) (509) 4188 9396(509) 3848 9396  fefbar@yahoo.fr

Marie Carme Sinés, Prezidan, Mouvman Fanm Miragwan (MOFAM) (509) 3721 4310dumelfortmariecarmes@yahoo.com

Anchor
Lèt tou louvri fanm lidè pou gouvènman Moise-Ceant, lidè opozisyon yo ak popilasyon ayisyen an 4

Gerda Bienaimé, Fédération des Femmes du Bas Artibonite (FEFBA), Ba Atibonit

Roseline Séjour Estinfort, Association des femmes pour le développement de Dessalines (AFDD), Atibonit

Lucette Colin Casimir, Mouvman Fanm Volontè an Aksyon (MOFVA), Vèrèt, Atibonit

Yuanita Exantus, Organisation de Femmes pour le Développement de la Commune de Verettes (OFCDV), Vèrèt, Atibonit

Léonide Chery, Rezo Fanm Kapab, Goyavier, Senmak, Atibonit

Espière Celhomme, Koalisyon Fanm nan Seksyon Haut de Saint Marc, Senmak, Atibonit

Mikerlande Métellus Legrand, Groupe d’Action pour le Développement Socio-Economique des Femmes Haitiennes (GADSEFH), Gonayiv, Atibonit

Jésula Mézard, Fédération des Femmes Organisées pour le
Développement Economique et Social du Centre (FEODEC), Depatman Sant

Ronide Fils Aimé, Fondation de l’Espoir des Femmes du Centre (FONESFEC), Ench, Sant

Marilia Charlestin, Association de Femmes de Maissade (FAM), Mayisad, Sant

Roselore Aubourg, Mouvement des Femmes pour le Développement de la Grande Anse (MOFEDGA), Depatman Grandans

Luvana Lafleur, Group Fanm Tèt Ansanm Anse d’Hainault, Ansdeno, Grandans

Marie André Cherestal, Group Fanm an Aksyosn Chanbellan, Chanbelan, Grandans

Marie Lourdes Fortuné, Fanm Sipò Jérémie, Jeremi, Grandans

Varline Chéry, Femmes Progressistes de Tozia, Pestèl, Grandans

Denise Lalanne, Coopérative Agricole des Planteuses de Dame Marie (CAPDAM), Damari, Grandans

Ismélie Descorbeth, Coordination des Femmes de Beaumont (COFEBOM), Bomon, Grandans

Sandra Bauvil, Voix Essentielles-Femmes en Démocratie (FED), Nasyonal 

Eveline Chéron, Coalition Haitienne des Femmes Leaders (COHFEL), Nasyonal

Julienne Dorcin Charlot, Mouvement National Catherine Flon (MNCF), Nasyonal

Sabine Martelly, Fanm Kore Fanm (FKF), Nasyonal

Marie Carme Sinéas, Mouvman Fanm Miragwan (MOFAM), Depatman Nip

Ermitha Fils Aimé, Femmes Organisées pour le Développement de Lievre (FODL) – Ti Trou Nip, Nip

Monique Hyppolite, Association des Femmes Polyvalentes pour le Développement d’Haiti (AFPDH), Lasil, Nip 

Elvire Eugène, Asosyasyon Fanm Solèy Dayiti (AFASDA), Depatman Nò

Lynday Volmar Mouscardy, Alliance des Femmes en Lutte pour le Développement d’Haiti (AFELDHA), Kap Ayisyen, Nò

Gerda Joseph Donnéus, Femmes Entrepreneurs Nord/Femmes En Nord, Kap Ayisyen, Depatman Nò

Verlande Fabien, Association de Femmes de Plaisance (AFP), Plezans, Nò

Medjina Alexandre, Oganizasyon Fanm Kap Lite (OFAL), Kap Ayisyen, Nò

Julia Délius, Organisation de Soutien pour l’Avancement de Pilate à Margot, Pilat, Nò 

Adeline Charlot, Rasanbleman Fanm Limbé (RAFAL), Lenbe, Nò

Sildane André, Oganizasyon Fanm Kalvè Senterèz (OFAKS), Kap Ayisyen, Nò

Carole Macajoux, Asosyasyon Fanm Karenaj (AFAK), Kap Ayisyen, Nò

Hernise Pétigny, Rassemblement des Femmes Vaillantes de Limonade (RAFAVAL), Limonad, Nò

Josenie Jean, Koordinasyon Oganizasyon Fanm Nòdès (KOFANE), Depatman Nòdès

Roseleine Pierre, Rasanbleman Fanm Angaje Ouanaminthe (RFEO), Wanament, Nòdès

Anette Saint Ilbert, Rasanbleman Fanm Kapotiy, Kapotiy, Nòdès

Aticia Pierre, Solidarité des Femmes pour l’Avancement de Sainte Suzanne (SOFAS), Sent Sizann, Nòdès

Ann-Raina Jean, Réseau des Femmes Actives du Nord-Ouest (REFANO), Depatman, Nòdès

Solange Brave Saturne, Mouvement des Femmes pour l’Avancement et le Progrès du Nord-ouest (MOFAPNO), Depatman Nodès

Jackline Dalmond Raphael, Regroupement des Femmes de Vilanceau (REFAV), Sen Lwi Dinò, Nòdès

Rebecca Guillaume, Nap Vanse/We Advance, Pòtoprens, Lwès 

Guerlyne Résidor, Kri Fanm Ayiti (KRIFA), Kafou, Lwès

Barbara Paul, Organisation Femmes en Action pour l’Avancement du Pays (OFAAP), Site Solèy, Lwès

Hélène Ceylan, Platfòm Fanm Dinamik Petyonvil, Petyonvil, Lwès

Betty Viviane Jacques, Mouvement des Femmes en Action pour le Développement de Fonds Verettes/Fonds Parisiens (MOFFADEV), Fonvèrèt, Lwès

Danielle Saint-Lôt, Fondation Danielle Saint Lot pour l’Autonomisation des Femmes, Petyonvil, Lwès

Eunide Innocent, Plateforme des Organisations de Femmes Haitiennes pour le Développement (POFHAD), Pòtoprens, Lwès

Elcie Nicole Dalexis, Alliance des Femmes Haitiennes pour une Nouvelle Haiti (AFNHA), Pòtoprens, Lwès 

Bernadette Lucien, Organisation des Femmes pour l’Avancement Socio-Economique (OFASHA), Pòtoprens, Lwès

Ganette Galiotte ak Marie Borno Cherismé, Rasanbleman Fanm pou Devlopman Lagonav (RAFADEG), Lagonav, Lwès

Nathalie Virgile Douzable, Réseau National Jeunes Intégrés (RENAJI), Pòtoprens, Lwès

Maguy Jocelyn, Koodinasyon Oganizasyon Fanm Sid (KOFASID), Depatman Sid

Gérardine Eliodor, Fédération des Organisations Féminines pour le Développement et leur Epanouissement dans le Sud (FODEDES), Depatman Sid

Enisse Aurélien, Association des Femmes pour le Développement du Sud (ASFEDES), Okay, Sid

Marie Ange Jeune, Association Nationale des Marchandes de Produits de Mer (ANAMAPROM), Chadonyè, Sid

Sylvia Fabien Moise, Plateforme de la Coordination des Femmes du Département du Sud-est (COFADES), Depatman Sidès

Marie Claudette Charles, Mouvman Fanm Lidè Marigo (MOFALMA), Marigo, Sidès

Marie Marielle Bazelais, Kòdinasyon Fanm Bainet (KOFADES), Benè, Sidès

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *