Mis Univers Haïti 2022 a, Mideline Phelizor salye kouraj ak dèteminasyon jwè seleksyon gason foubòl anpite a, se sa nou wè nan yon videyo ki pataje madi 27 septanm lan sou paj fesbouk konkou a. Aktivite sila ki te gen pou bi ankouraje jwè yo pou yo bay bon jan rezilta nan 16èm edisyon mondyal yo pral jwe nan jou k ap vini yo epi di kijan yo fè fyète peyi a.
« Mwen di nou se yon sous motivasyon pou jenès ayisyèn nan e patikilyèman mwen menm. Nou banm plis fòs pou m ale reprezante Ayiti nan « Miss Univers » an janvye 2023″, se sa mis la deklare fè konnen.
Mis la pwofite remèsye jwè yo pou detèminasyon yo ak kouraj yo ki, malgre tout sa k ap pase nan peyi a, kontinye ap fè pèp ayisyen an fyè.
Yon lòt bò, demwazèl la ajoute pou l di « mèsi ak tout moun ki sipòte seleksyon sa ki pral reprezante bèl peyi nou an nan koupdimond ane a »
N ap raple, nan peryòd 30 septanm pou rive 9 oktòb 2022, seleksyon an pral jwe mondyal foubòl anpite. Mondyal sa ap òganize nan peyi Latiki. Ayiti twouve li nan poul A bò kote lòt peyi tankou Lafrans, Latiki epi Liberya.
You may also like
-
Le Ministère à la Condition Féminine condamne le viol de Stephy Graph Cadichon par un policier dominicain
-
8 candidates en lice pour devenir la Miss du Cap-Haïtien
-
Jeanne-Elsa Chéry présente son premier recueil de poèmes « Lib e libè, tous en libres »
-
Etats-Unis-IVLP : la journaliste Sheilla Angelique Louis nominée
-
Le film « N ap Boule » continue de marquer les esprits