Victoria, mari li David ak pitit yo, tout te la nan jounen 30 septanm 2022 a, yo t ap asiste ansyen manm gwoup chantez ak dansez Spice-girls la, ki t ap defile nan semèn mòd la. Li te pwofite prezante koleksyon travay li yo bay piblik la. Yon eksplwa ki te manifeste aklè, paske tout moun te ka li jwa ak kontantman nan figi fanm 48 lane a.
Semèn mòd vil Pari a, pou ane 2022 sa, dewoule soti lendi 26 septanm pou rive madi 4 oktòb. Se yon aktivite ki depase kad defile mòd la, paske li ofri yon veritab espektak pou je kapab gade, e sitou pou fè pwomosyon pou koleksyon diferan estilis yo. Nan yon pòs sou paj enstagram David Beckham, selèb foutbolè a retrase 16 lane depi li ak madanm ap travay pou gran jou sa. Nan fen estati enstagram nan, nou te ka li : « Nou tèlman fyè ».
Victoria te mete tout nivo fanm li deyò : talon file tankou zegwi, ti fann nan rad yo, ti transparans nan rad yo, epi rad byen kole sou kò, se konsa mannken seksi Victoria yo te abiye pou defile yo. Plizyè koulè te parèt nan defile Victoria yo : Woz, ble, mov, lila epi ti koulè sa li renmen anpil la : nwa. Aprè defile a, estilis la salye tout foul la.
Victoria Beckham lanse mak li a depi nan lane 2008. Li defile nan wikenn mòd vil New York ak vil London. Men, defile sa ki fèt nan vil Pari a pote yon bon sèl non manje a. Benjamen Simmenauer, Pwofesè nan Enstiti fransè Mòd, pale konsa.
« Wikenn mòd vil New York ak London plis gen trè komèsyal, men wikenn mòd Pari a pi popilè, epi li valide pi bon mak yo, mak ki soti anba men estilis ki pi kreyatif yo ».
Victoria, fanmi li, ak ekip li kontan eksplwa sila, estilis la rantre nan gran lakou, paske wikenn mòd Pari a abitye resevwa gran mezon mòd Japon yo, gran mezon mòd Angletè yo, tankou Vivienne, Westwood, Stella McCartney. Britanik la franchi yon nouvo etap nan lavil li, li fyè e li rann tout antouraj li fyè tou.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes