Linda Thomas-Greenfield anbasadris peyi Lèzetazini nan Nasyonzini plede pou on systèm jidisyè ki pi efikas nan peyi Dayiti, nan lobjektif pou ansyen prezidan Jovenel Moïse ak ansyen batonye Monferrier Dorval kabap jwenn jistis kote yo te asasine yo tou 2 nan Pèlerin 5.
Nan diskou madan Greenfield fè devan konsèy sekirite ONU an, li di enkyetid il gen pou jan l wè ensekirite a fin pran peyi ya, sitou nan jan nèg ak zam ap aji.
Diplomat la mande otorite ayisyen yo pou yo degaje yo kou yo konnen pou yo remete kanpe enstitisyon demokratik yo ak on sistèm jidisyè efikas e ki endepandan nan peyi a.
Daprè sa Linda Thomas-Greenfield di, peyi Lèzetazini envite Premye minis Ariel Henry pou l elaji plis posib yon antant ki ouvè vwa pou demokrasi ya pou on eleksyon ekitab k ap fèt la sa posib.
Berlande Bernard
You may also like
-
Caribbean Tales Film Fest 2023 : le film « N ap Boule » sélectionné
-
Nérilia Mondésir, Kerly Théus et Melchie Dumornay entrent dans l’histoire de la Coupe du monde féminine 2023
-
TRACE Awards & Festival 2023 : Rutshelle Guillaume nominée dans la catégorie « Best Caribbean Artist »
-
Nègès Mawon lance un cycle de formation en études féministes, de genre et de sexualité
-
Emotions et tristesse pour une première journée d’hommage à Liliane Pierre Paul