google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20211001 WA0003
© %author%

Ansyèn kandida pou prezidant lan Maryse Narcisse enkouraje tout sektè yo mete tèt yo ansanm

Doktè Maryse Narcisse nan on konferans pou laprès li bay ayè jedi 30 septanm 2021 an ki make 30 lane depi yo te bay ansyen Prezidan Jean Bertrand Aristide koudeta.

Doktè a nan diskou li ankouraje tout sektè nan vi Nasyonal la pou mete tèt ansanm nan peyi a pou jwenn on akò k ap pèmet nou soti nan kriz la.

Ansyen kandida pou prezidant lan, Doktè Maryse Narcisse fè konnen ke 30 lane aprè, pwoblèm peyi ya rete la, e anyen pa chanje.

Li fè konnen Fanmi Lavalas ap toujou la pou kore revandikasyon pèp ayisyen an.

Maryse Narcisse ankouraje tout sektè yo pou mete tèt yo ansanm on fason pou yo retire peyi a sa li ye a. Li fini diskou la pou l di ke pèp òganize pa konn pèdi batay.

Berlande Bernard

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *