Ansyèn Premyè Dam nan Martine Moïse ki te ale nan peyi etranje pou l pran swen akòz li te resevwa plizyè bal nan jou yo t ap asasinen mari l Prezidan Jovenel Moise nan lannwit 6 pou louvè 7 jiyè a. Martine Moïse ta dwe tounen nan peyi ya jodi vandredi premye oktòb 2021, kote l ap tou desann Okap pou l depoze on jèb flè sou tonb mari l.
Martine Moïse ki te resevwa envitasyon jij Gary Orilien pou l vini nan pakè jou 20 septanm pase ya pou l te vin reponn kesyon lajistis men ki pat rive reponn prezan akòz li pat nan peyi ya pou rezon sante, sa kite lakòz avoka li yo te voye on lèl bay jij la pou esplike absans Premyè Dam nan.
Avoka Martine Moïse yo te enfòme Jij Gary Orilien tou pou yo di l Premyè Dam nan ap prezan e disponib nan sèmen 6 oktòb k ap vini la pou l reponn kesyon lajistis sou dosye asasinay prezidan Jovenel Moise la.
Berlande Bernard
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an