google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Screen Shot 2021 10 08 at 7.55.14 AM
© %author%

Ansyèn premyè dam nan Martine Moïse mande pou yo repòte nouvèl konvokasyon li genyen nan Kabinè enstriksyon an

Martine Moïse mande Jij enstriksyon Ikenson Édumé pou l repòte odisyon l lan ki te dwe fèt jodi vandredi 8 oktòb 2021
pou 20 jou a pati de jodia. Li fè demand sa paske gen konfli ajanda.

Jedi 7 oktòb 2021 on jou aprè Martine Moïse te sot nan Pakè Jij enstriksyon Ikenson Édumé te voye envitasyon bay ansyèn premyè dam pou l vin nan Pakè de Pòtoprens jodi vandredi 08 oktòb la a 10è nan matin pou l reponn kesyon.

Martine Moïse ki akise de frod, eskrokri, asosyasyon malfektè nan prejidis ak leta ak blanchiman byen.

Martine Moïse nan on lèt il voye bay Jij la mande pou yo repòte odisyon l pou 20 soti jodi vandredi 08 oktòb 2021.

Ki donk ansyèn premyè Dam nan ta sipoze al reponn kesyon Jij enstriktè Ikenson Édumé mèkredi 27 oktòb.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *