Queen Blondlight la, rive kòm fanm ki pi popilè sou IG nan HMI la avèk 2 milyon abòne epi genyen deyè l Rutshelle Guillaume ki swiv li ak 1.5 milyon.
Chantèz mizik « Avouer » a bat on rekò lè l rive jwenn tout moun sa yo ki abone ak li sou kont IG li.
On paj atis la itilize pou l vann tèt li kòm chantèz, li poste foto l, videyo l, ak pale de biznis li. Kòm nou konnen li se on machann krèm pou moun ki vle mete on ti koulè anplis ak gen kay li gen pou l anfèmen si on moun bezwen.
Blondedy Ferdinand se on moun ki trè enfliyan sou rezo sosyal la, e ki vrèman pran on plas tout moun pat menm panse nan HMI la, nan on ti kal tan li rantre tèt li nan zafè mizik.
Queen Blondlight la stil ap etone moun nan sal l ap fè, so n ap gade kote atis la ap rive aprè nouvo rekò sa li rive bat la.
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an