Nan on konferans pou laprès ekip òganizatè yo ki se CHAPE ( Direksyon sant ayisyen apwi e pwomosyon antrepriz) mete avèk Chanm metye e atizan anonse y ap òganize ane sa dezyèm edisyon » Salon de Noël » 14 lane aprè premyè edisyon an ki te fèt nan lane 2007. Aktivite sila ap fèt nan otèl Ritz Kinam II pandan 3 jou, ki se jedi 16, vandredi 17 ak dimanch 19 soti 10h nan matin pou rive 6è.
Oganizatè yo esprime lajwa kontantman yo genyen pou yo fè bèl evenman sila, kote plizyè atizan ap gen pou yo espoze zèv yo. Madam Durce ki se youn nan manb k ap oganize evenman sila ki se « Salon de Noël » fè konnen ap gen dekò de Nwèl tout bon kote, paran k ap mennen timoun yo ap jwenn papa Nwèl pou yo fè foto, ap gen janm de bwa ak anpil lòt aktivite pou pèmèt moun k ap vini yo amize yo nan lapè.
Sou bò pal, ansyèn minis touris la Marie Christine Stevenson felisite ekip Chape la pou aktivite sa kote li di, nan on peyi kote moun yo paka amize yo, moun k ap fè zèv atizanal yo paka espoze sa yo fè bay gran piblik la, se yon gwo opòtine Ekip k ap oganize « Salon de Noël » la bay moun sa yo e pèmet yo fè kob pa yo, pèmet moun k ap vini yo, vin pase on bon ti tan.
Ekip oganizatè di y ap tann tout moun nan 3 jounen aktivite sila, Jedi 16 desanm, vendredi 17 ak dimanche 19 desanm 2021 nan otèl Ritz kinam II, pou selman 250gd granmoun, timoun yo ap ka rantre gratis nan dezyèm edisyon « salon de Noël » la.
Berlande Bernard
You may also like
-
Désormais, Eden Berandoive joue dans la cour des grands
-
Les coopératives féminines : un outil clé pour l’autonomisation des femmes
-
Maria Isabel Salvador, Chèf biwo entegre nasyonzini an, pozisyone li sou konjonkti aktyèl la
-
Depite ayisyano-ameriken Sheila Cherfilus-McCormick mande pou premye minis ayisyen an demisyone
-
Rezo Pluri-femmes mande pou gen plis fanm nan palman ayisyen an